
Komite Kan Karade, Refije, Tousen Louvèti, Benediksyon, C.C.T.T., Kanaran mande Leta pran responsabilite l anfavè deplase yo
Depi 18 mwa, nou menm viktim katastwòf 12 janvye yo, nou kontinye ap viv anba prela chire, moso twal sal, epi ekspoze a tout kalte maladi, tankou kolera. 18 mwa apre, Leta kontinye ap pase nou nan tenten, ONG yo ap gagote, fè milyon sou do nou menm ki te viktim kokennchenn dram sa ki te pote ale lavi plizyè santèn milye konpatriyòt, kraze plizyè milye kay. Mete sou sa, yon seri enstitisyon ak ONG entènasyonal mete yo bò kote moun ki di yo se mèt tè yo pou rann nou lavi enposib nan Kan Refije, Tousen Louvèti, Benediksyon, C.C.T.T., Kanaran.
Enstitisyon tankou OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn antre nan marinen konplo kont noumenm k ap viv nan kan sa yo. OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn antre nan yon jwèt mèt dam, koken. Yo deside planifye ak bay chèltè pou yon kategori moun nan Kan Senlwi alòske yo pa deside di anyen pou nou menm nan Refije, Tousen Louvèti, Benediksyon, C.C.T.T. ak Kanaran. Pandan OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn ap gaspiye lajan sou do viktim yo, menm jan CRS ap fè sa, yo di se Ministè Enteryè ki pa otorize yo ban nou chèltè.
Men pou ki sa se nou menm 5 kan sa yo ki pa gen dwa jwenn chèltè alòske nou nan menm espas avèk lòt moun ki jwenn yo. Eske nou pa viktim tou ? Eske se nan konkòday ak moun ki di yo se mèt teren Karade a OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn ye ?
Pa gen anyen ki pou jistifye konpòtman OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn nan ka sa a. Yo pa kapab aplike yon politik 2 pwa 2 mezi nan mete sou kote 5 kan sou yon menm espas, ki te viktim nan menm katastwòf. N ap denonse presyon Kwa Wouj Kolonbyèn ap fè sou nou pou n kite espas kan Karade a, sou pretèks yo bay fanmi yo 20 mil goud. Se yon demach ki vize mete nou deyò sou espas kan sa yo san okenn altènativ konkrè. Pou konbyen tan 20 mil goud kapab peye kay ? Apre 20 mil goud la fin pase nan peye premye ane kay la, ki posiblite nou pral genyen pou nou peye yon lòt kay ?
N ap fè konnen pandan nou nan sezon siklòn nan, nan kan kote n ap viv yo kounye a, genyen tout kalte pwoblèm, tankou fanm ansent k ap viv nan move kondisyon ijyèn, andikape ki lage 2 bra pandye, ensekirite k ap vale teren, pa gen dlo, latrin, elatriye. Tout bagay sa yo ap pase pandan 4 milya dola vèt deja depanse nan lajan rekonstriksyon y ap pale a. Nou di nou pa kapab ankò. Nan sans sa a, n ap mande :
• Pou Leta pran responsablite l • Pou OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn sispann pèsekite nou • Pou yo sispann vin vole lougawou san yo pa avèti nou nan kan yo a 4 trè dimaten, sou pretèks yo vin gade kan ki vid. • Pou OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn sispann vyole dwa deplase entèn yo jan sa di nan Kòd etik sou deplase entèn yo • Pou prezidan peyi a kòmanse ban nou kay li te pwomèt nou nan kanpay elektoral li. Paske nou pa t vote l paske tèt li kale men nou te vote l pou l ban nou rezilta.
Nan sans sa a, nou deside batay jouk mayi mi kont tout presyon ak entimidasyon OIM ak Kwa Wouj Kolonbyèn ap egzèse sou nou.
Pandan kabinè avoka ap travay sou yon plan, nou pote plent kont tout moun k ap pase dwa nou anba pye depi se soti nan Leta rive nan ONG piyajè, n ap rete mobilize pou defann dwa nou.
Pou Komite Kan yo :
Joseph Chrisnel
Cené Jean
Joachim Thermilus
Talerand Eyzer
No Comments