
Istwa Jounen Entènasyonal lojman ak mobilizasyon kont tout fòm degèpisman
Politik neyoliberal k ap domine lemond, pouse Leta yo abandone chak jou pi plis reskonsablite yo genyen pou garanti yon seri dwa pou tout moun, tankou dwa lojman. Konsa, yo remake chak jou, vin gen plis moun sou latè ki lage nan lari, ki pa gen kay pou yo rete, alòske Leta yo pa devlope ase pwogram pou ede moun yo gen yon lojman ki diy. Dapre chif ki bay, se anviwon 15 pousan nan popilasyon mondyal la, sa vle di plis pase yon milya moun ki pa gen kay pou yo rete. Kidonk, gen yon gwo kriz lojman k ap brase bil sosyete a.
Ann Ayiti, anvan tranbleman tè a, te gen anpil moun ki t ap dòmi sou galri, pa relèv, espesyalman nan kapital la. Tranbleman tè a vin mete abse sou klou. Li kraze anpil kay, li lage anpil moun nan lari. Plis pase yon lane edmi apre katastwòf la, plizyè santèn fanmi ap viv toujou anba tant, anpil kote yo anba menas degèpisman, alòske otorite Leta yo pa ko janm di kisa y ap fè sou pwoblèm lojman an nan peyi Dayiti.
Devan konsta kriz lojman nan lemond, nan lane 1985 Nasyonzini deklare premye lendi oktòb Jounen entènasyonal lojman, apre rekòmandasyon yon komisyon ki t ap travay sou kesyon an. Nan okazyon 10èm anivèsè premye konferans entènasyonal sou kesyon lojman, nan lane 1986 yo komemore jounen an pou premye fwa. Depi lè sa a, chak ane pandan tout mwa oktòb, anpil òganizasyon sou latè mobilize pou pèmèt moun k ap dòmi nan lari, moun sosyete a pa pèmèt jwenn yon ti kote pou yo rete, fè tande vwa yo, epi chache wout pou yo patisipe kòmsadwa nan demach pou chache solisyon a kesyon lojman an ki se yon dwa fondamantal. Piti piti, alyans la vin tounen yon gwo mouvman mondyal ki ranmase anpil fòs nan plizyè peyi kote gen òganizasyon k ap lite pou fè dwa lojman respekte.
Nan lane 2007, lè Alyans la te konstate jan yo t ap degèpi moun yon bann kote, li te mete kanpe yon sistèm alèt pou lite kont degèpisman yo. Depi lè sa a, mouvman an lanse yon kanpay entènasyonal kont tout fòm degèpisman. Yo rele kanpay sa a « Zewo Degèpisman ». Objektif mouvman sa a se pou kanpe kont tout fòm degèpisman epi fòse yon seri òganizasyon entènasyonal tankou LONI pran pozisyon klè sou koze sa a. Òganizasyon yo pa konprann kijan fè LONI mete nan sa yo rele objektif milenè yo, pou an 2020 plis pase 100 milyon moun sou latè gen yon kay pou yo rete, alòske chak jou yo wè se kantite moun ki pa gen kay k ap ogmante, yo wè vin gen plis moun ki mal loje, e se plis moun ki anba menas degèpisman oswa ki viktim degèpisman. Kanpay kont tout fòm degèpisman sa a mete aksan sou dwa tout moun genyen pou yo viv nan lapè, an sekirite, nan diyite e pou yo ka jwenn yon kay pou yo rete ki desan e ki koute yon pri yo ka sipòte.
Konsa, chak ane, gen yon bann aktivite ki fèt nan mwa oktòb anfavè respè dwa lojman epi kont degèpisman. Nan okazyon aktivite sa yo, òganizasyon yo rankontre, yo pale, pataje esperyans sou sitiyasyon dwa lojman lakay yo, sou lit yo mennen, sou solidarite yo jwenn nan batay sa a.
Kisa k ap fèt pou ane 2011 la ? Tèm Alyans Mondyal pou Lojman chwazi pou ane 2011 la, se REZISTE EPI CHACHE ALTENATIV. Soti 15 septanm pou rive 31 Oktòb, kanpay la ap deplòtonnen nan tout kontinan sou latè e l ap chita sou dwa pou moun jwenn yon moso tè ak yon kay pou yo rete.
Pou zòn Karayib la, òganizasyon ki ann Ayiti, an Repiblik Dominikèn ak nan Kiba ap pote kole pou fè konnen sitiyasyon lojman nan peyi Dayiti apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Yo vle atire atansyon popilasyon ak gouvènman lakay yo sou soufrans ayisyen, ayisyèn k ap viv anba tant yo, menas anpil nan yo ap sibi pou yo kite kote yo ye a, san yo pa konnen ki kote yo prale.
Depi 11 septanm, òganizasyon an Repiblik Dominikèn te koumanse aktivite pa yo. Ann Ayiti, pandan tout mwa septanm la, Kolektif ayisyen k ap batay pou dwa lojman respekte ki gen ladan enstitisyon, òganizasyon popilè ak komite kan, te monte yon pwogram ki gen ladan plizyè aktivite.
Objektif aktivite k ap fèt ann Ayiti yo:
Kontinye fè popilasyon ayisyèn nan konnen kesyon lojman an se yon dwa fondamantal li ye, epi gen anpil moun sou latè k ap batay sou sa
Mobilize popilasyon nan kan yo sou posiblite pou yo fè tande vwa yo
Prezante bay dirijan Leta yo (Palman an, gouvènman an) kaye revandikasyon kolektif la pou wè si dwa lojman an ta tounen yon reyalite
KI AKTIVITE KI PREVWA ?
Premye Oktòb : Jounen Refleksyon sou pwoblèm degèpisman yo ak sou pwojè kay k ap fèt nan kad sa yo rele “Rekonstriksyon Peyi Dayiti”
2 Oktòb : Akvite kiltirèl nan Kan Koray Seslès
3 Oktòb : Sitin devan Ministè Afè Sosyal
NOU ANKOURAJE NOU TOUT K AP VIV ANBA TANT, K AP DÒMI NAN LARI, KI MAL LOJE, POU POTE KOLE NAN GWO MOUVMAN MOBILIZASYON SA A POU DWA LOJMAN AN RESPEKTE ANN AYITI AK POU DEGEPISMAN YO KANPE.
LETA AYISYEN DWE GARANTI DWA TOUT MOUN POU L GEN YON KOTE KI DIY POU L RETE.
NOU BOUKE VIV ANBA TANT !
Pou Kolektif la :
Reyneld Sanon
FRAKKA
No Comments