Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Relasyon Ayiti-Repiblik Dominikèn  / Yon tribinal dominiken kondane moun ki te touye komèsan ayisyen Roblien Mésadieu pou l pase 10 lane nan prizon

Yon tribinal dominiken kondane moun ki te touye komèsan ayisyen Roblien Mésadieu pou l pase 10 lane nan prizon

Anviwon 8 mwa apre zak sasinay sou yon komèsan ayisyen nan Repiblik Dominikèn, yon tribinal nan Azwa jije epi kondane yon chofè dominiken, Osiris Mendez Sanchez, 33 lane, pou omisid volontè (touye ak fèm konviksyon).Tribinal la kondane chofè a pou l pase 10 lane nan prizon epi vèse yon milyon peso bay Maria Carmela Flores, madanm defen an, ki reprezante anmenmtan Angely Mesadieu, pitit fi defen an, yon ti minè. Plizyè pèsonalite te vin asiste pwosè sa ki te louvri jou ki te 17 desanm 2008 la, nan vil Azwa kote krim nan te fèt la.Vis prezidan Komisyon Nasyonal Dominiken Dwa Moun nan, avoka Juan Cespedes ak prezidan rejyonal enstitisyon sila, Mèt Milva Joselin Melo, te reprezante pati sivil la. De (2) avoka sa yo te sèvi ak atik 295 ansanm ak atik 304 Kòd penal dominken an pou mande kondane Osiris Mendez Sanchez pou pase «20 lane nan prizon epi peye 5 milyon peso pou repare domaj krim sa a lakòz».Konsil ayisyen nan Barahona a, Jean Claude Ethéart, te reprezante Leta ayisyen nan pwosè sa a.Plizyè òganizasyon nasyonal ak entènasyonal dwa moun ki tabli nan Repiblik dominikèn te voye reprezantan yo nan jijman sa a moun k ap pratike lalwa nan Repiblik Dominikèn konsidere kòm yon jijman san parèy. Se pozisyon Mèt Pedro Cuevas ki t ap swiv dosye a depi nan kòmansman.Pou Mèt Joselin Melo, santans tribinal Azwa a vin mete konfyans nan mitan kominote ayisyen ki tabli nan Repiblik Dominikèn epi li manyè febli lide ki fè kwè yo pa defann ase dwa migran k ap viv nan Repiblik Dominikèn. Yon lòt bò, 2 avoka yo, Cespedes ak Melo te twouve prezans otorite ayisyèn yo nan pwosè a te enpòtan anpil paske li te pote ekilib ak transparans pandan li te kontribye tou pou ogmante konfyans kay temwen yo.N ap fè sonje nan dat 21 avril 2008, komèsan ayisyen Roblien Mésadieu, 36 lane, ki se moun Laskawobas (Depatman Sant), te sòti Azwa pou l ale Santo Domingo, jan l te konn abitye fè l, lè chofè otobis la, Osiris Mendez Sanchez te mande l paspò l. Roblien Mésadieu te refize epi fè chofè a konnen li pa plase pou verifye papye l. Osiris Mendez Sanchez fache, li rale zam li epi tire sou komèsan an. Roblien Mésadieu pran bal nan lestomak, yo te mennen l lopital Azwa. Li mouri nan moman yo t ap menen l nan yon lòt lopital nan Santo Domingo.

No Comments

Post a Comment