Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Relasyon Ayiti-Repiblik Dominikèn  / Yon timoun ayisyen 12 lane mouri trajik nan Pedènal

Yon timoun ayisyen 12 lane mouri trajik nan Pedènal

Mozart Isaac, yon ti gason 12 lane mouri 12 fevriye 2009 la, bò 2 zè nan maten nan zòn Cap Duarte, Pedènal, Repiblik Dominikèn. Daprè premye enfòmasyon yo, ta sanble se yon kamyon dominiken moun pa rive idantifye, ki t ap pote pèpè ki ta pase sou timoun nan pandan li tap dòmi vlope nan mitan yon bann ranyon pèpè, machann jete bò wout la. Plizyè otorite lokal sou bò Ayiti, nan fwontyè Sidès la, te rive kote lanmò a te fèt la. Vè midi, yon jij de pè dominiken te vin fè konsta pou leve kò a, remèt li bay fanmi li ki se moun Boni. Komite Dwa Moun Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) kap travay sou fwontyè a nan zòn Ansapit, mande pou gen bon jan ankèt ki mennen sou ka sa pou rive detèmine aklè sak pase tout bon vre. GARR regrèt lanmò Mozart Isaac e pandan lap voye kondoleyans li bay fanmi viktim nan, l ap mande otorite yo louvri je yo sou sitiyasyon yon bann timoun ki lage sou plizyè pwen nan fwontye Ayiti ak Repiblik Dominikèn e ki ekspoze ak tout kalte malè.

No Comments

Post a Comment