ZAK MALONÈT AP REPETE SOU FWONTYÈ TI LORI : SITWAYEN NAN ZÒN NAN LANSE YON RÈL BAY OTORITE KONSÈNE YO
Apre 3 Ayisyen te soti viktim ak zòrèy koupe nan zòn Ti Lori/Restauracion sou fwontyè a, 11 me 2009, yon lòt Ayisyen, Cédène Etienne, blese anba bal militè dominiken nan menm zòn nan, nan dat 28 me. Jenn gason sa a pran bal nan zepòl apre militè yo te ouvè zam sou yon gwoup Ayisyen ki t ap manifeste sou fwontyè Ti Lori/Restauracion. Bi manifestasyon an sete pou pwoteste kont zak yon gwoup sòlda dominiken ki te gen alatèt yo, yon kapitèn fè, lè yo te kraze jaden yon trantèn Ayisyen sou yon longè apeprè 3 kilomèt. Tè yo sou bò dominiken men se Ayisyen ki travay yo dapre antant vèbal yo genyen ak Dominiken yo. Se konsa yo abitye fè depi plizyè lane nan rapò bon vwazinaj yo genyen. 28 me 2009, san okenn avètisman, ni dedomajman, 4 machin chaje ak sòlda dominiken debake, yo tonbe ratibwaze ak manchèt jaden sa yo ki te fin pare pou rekòt pandan yon lòt gwoup sòlda kanpe an bandisyon ak gwo zam fann fwa pou entimide popilasyon an.Lè gwoup peyizan yo tonbe manifeste kont zak sa a, militè yo reponn ak yon fe bal anlè, men gen yon pòsyon ladan yo ki tire karebare sou Ayisyen yo. Se konsa, Cédène Etienne blese ak bal nan zepòl. Pou kounyela a, jenn gason sa a ap pran swen nan Sant Sante Ti Lori. Nan okazyon debakman sa a, moun Ti Lori mete barikad, epi boule kawotchou pou bloke wout entènasyonal la. Vandredi 29 me, yon kolonèl akonpaye ak kapitèn ki te patisipe nan tire sou foul Ayisyen yo, te vini sou lèlye, fè eskiz bay popilasyon an epi mande pou negosye ak otorite ayisyen. Negosyasyon an te ranvwaye paske apa ASEK ak KASEK, pa gen reprezantan lafòs piblik sou fwontyè a. Nan demen, kolonèl la te vin chita ak majistra Sèka Lasous la, Pierre Pétrus ki te akonpaye ak polisye UDMO ak MINISTA. Ofisye dominiken yo vizite blese a epi kite 10 mil peso pou li pran premye swen. Yo deklare bay majistra a, se otorite diplomatik 2 peyi yo ki pou rezoud pwoblèm nan, sitou nan sa ki gen awè ak jaden kraze yo. N ap fè sonje, se nan mwens pase yon mwa, 2 gwo zak malonèt sekwe fwontyè Ti Lori/Restauracion. Pou kounyela a, moun Ti Lori pa santi yo an sekirite sou fwontyè a, kote nenpòt zak malonèt ka rive yo. Nou rete kwè absans Leta reprezante pi gwo malè pandye pou moun nan zòn fwontyè a, espesyalman nan Ti Lori. Poutan, se yon zòn ki gen anpil echanj komès, ak yon gwo mache binasyonal. Devan sitiyasyon boulvès k ap devlope sou fwontyè Ti Lori/Restauracion, san konte kondisyon lamizè ki ogmante ak jaden yon trantèn fanmi ki kraze, n ap mande responsab Leta yo pou yo pran dispozisyon sa yo : 1- Se pou Leta aji prese prese nan mete sekirite ak prezans lapolis sou fwontyè Ti Lori. 2- Se pou Konsila ayisyen nan Dajabon akonpaye moun ki viktim zòrèy koupe yo nan Restauracion ak moun ki pèdi jaden yo. Kòm alatèt militè dominiken sou fwontyè a, montre yo gen dispozisyon pou diskite ak otorite ayisyen sou zak yo rekonèt yo fè 28 me a, se pou otorite konsène yo nan peyi Dayiti, bay viktim bal la, ak tout 27 viktim jaden yo bon jan akonpayman pou yo jwenn jistis ak reparasyon. Nan sans sa a, Ministè Afè Etranjè ak Ministè Enteryè konsène dirèkteman.3- Se pou Ministè Lagrikilti pote konkou li nan bay peyizan yo prese prese nan sezon lapli a, semans ak zouti, yon fason pou yo travay tè bò lakay yo, sou bò Ayiti kote gen yon bann dlo k ap gaspiye san Leta pa mete yon sistèm irigasyon. Sa va ede yo rete travay lakay yo ak tout diyite yo, san kè sote. {{{Aba tout vye zak malonèt sou fwontyè Ti Lori !Viv yon fwontyè nan bon vwazinaj ant Ayisyen ak Dominiken jan sa te konn ye anvan !}}}
{{Men moun Ti Lori ki te bay dizon yo nan konferans pou laprès la :}} Edner Joarelus Reprezantan viktim jaden kraze Charles LerostèneViktim zòrèy koupe
Anestin Elmetas ASEK Ti Lori
Adelo ThimotéeKomite Dwa Moun Ti LoriManm Rezo Fwontalye Jano Siksè
No Comments