Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Relasyon Ayiti-Repiblik Dominikèn  / Lèt toulouvri pou Minis Afè Etranje, Monsieur Allrich Nicolas

Lèt toulouvri pou Minis Afè Etranje, Monsieur Allrich Nicolas

Pòtoprens 26 oktòb 2009Lèt toulouvri pou Minis Afè Etranje, Monsieur Allrich NicolasSou dènye evenman ki frape Ayisyen nan Repiblik Dominiken Mesye Minis,Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè a salye nou ak anpil respè. Nan dènye semèn yo, kondisyon lavi ak travay Ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn nan ap pale anpil nan medya yo, akòz lanmò trajik 4 ou 5 (selon sous yo) Ayisyen yo te asasinen epi yo boule kò yo.Krim sa a, se yon nouvo evènman ki vin ajoute sou yon lis byen long, kote Ayisyen sibi tout kalite lenjistis kay vwazen. Plizyè moun viktim epi mouri asasinen. Sa fè n mal lè n wè konpatriyòt nou yo ap sibi kondisyon pyès moun pa dwe asepte, epi pa vreman gen yon Leta ki pou defann yo, pa gen Otorite pou leve vwa l yon fason efikas, ki depase kèk deklarasyon san pa gen angajman.Tout moun ki swiv kesyon an konnen se yon sitiyasyon ki konplèks, ki genyen yon istwa ki long, konsa, gen anpil prejije ak santiman ki vin mele. Men tou, gen anpil fòs k ap aji pou anyen pa janm regle. Genyen tout kalite enterè ki kache dèyè kesyon an, e pou yo menm, li pi bon pou Ayisyen rete nan yon pozisyon depandans ak ensekirite jiridik, konsa, yo ka pi byen sèvi ak yo e toupizi yo.Dènye zak asasinay sa a pa vin pou kont li. Se yon zak ki kadre nan yon mòd refleksyon yo mete devan popilasyon an nan Repiblik vwazen an. Konsa, yo rive asepte nenpòt bagay, e menm bagay ki pi grav pase sa n te wè kounye a. Nou bay kòm egzanp fason Listin Diario, yon jounal Dominiken, nan finisman mwa sektanm ak kòmansamn mwa oktòb, pandan tout yon semèn, te deklanche yon kanpay kote yo mete Ayisyen reskonsab tout pwoblem ki genyen sou fwontyè a. Sa se yon egzanp.Konsa, nou di : yo prepare lespri pèp Dominiken an, pou yo rive asepte nenpòt zak kont Ayisyen nan peyi yo. Sa fè n mal, paske anpil jefò te fèt pou te gen pi bon relasyon ak respè ant pèp yo. Anpil jefò gwoup ak mouvman nan baz t ap fè depi anpil ane vin detwi nan yon ti moman. Tout sa pa mete Leta Ayisyen andeyò koze a. Okontrè, Leta Ayisyen pa janm te pran kesyon an oserye. Moun k ap sibi yo, se Ayisyen yo ye ; yo sibi vyolasyon dwa yo kòm moun, paske se Ayisyen yo ye. Leta nan peyi yo a dwe montre l reskonsab pou sitwayen l yo ki nan yon lòt peyi. Konsa, nou panse plizyè bagay dwe fèt :- Leta a nan peyi d Ayiti a (Gouvenman an) gen reskonsablite pou elabore yon politik migrasyon : sitwayen dwe gen dokiman ki idantifye yo ; dwe gen sèvis nan tout peyi a pou jwenn dokiman sa yo e pou regle tout fòmalite ki nesesè pou moun ki vle kab vwayaje ; yo dwe konbat migrasyon ki pa legal yon fason efikas.- Komisyon miks ki te egziste pou rezoud konfli ant de peyi yo, Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan, dwe reprann aktivite l. Dwe genyen yon seri nouvo akò ant 2 peyi yo, pou regle diferan fòm migrasyon ki genyen ant de (2) peyi yo. Si bagay yo pa klè, se sitwayen yo menm k ap viktim. – Dwe gen yon anbasad ak yon sèvis konsila lòt bò k ap defann kòz ak enterè Ayisyen yo kòm sa dwa.- Anpil jefò dwe fèt pou amelyore imaj peyi d Ayiti genyen nan peyi vwazen an. Pafwa se kèk gwoup ki gen movèz fwa e k ap defann vye enterè ki kreye vye imaj sa a. – Anpil jefò dwe fèt pou Ayisyen konsidere pwòp peyi yo yon lòt jan. Fòk yo devlope peyi a yon jan pou sitwayen yo kapab òganize vi yo anndan pwòp peyi yo. Anpil fwa Leta Ayisyen bay pretèks pou anpil Ayisyen kwè pa gen avni nan peyi yo. Lè gen ensidan, ki fè Ayisyen viktim, fòk siywayen yo santi genyen yon Gouvènman ak yon Leta nan peyi a k ap defann yo vre : ki pwoteste, ki mande esplikasyon, ki antre nan dyalòg ak negosyasyon pou rezoud diferan pwoblèm ak litij ki konn genyen ant de (2) peyi yo.Sitiyasyon an grav. Li kapab chape nenpòt lè anba kontwòl Otorite yo. Yon bagay dwe fèt ant de (2) Gouvènman yo anvan plis moun toujou tonbe kòm viktim. Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè swete pou Minis Afè Etranje ak tout Gouvènman Ayisyen an ap aji yon fason ki alawotè sitiyasyon an ki vin pi grav chak jou.Pou Komite Direktè Nasyonal la.
Pè Jan Hanssens, DirektèPou Komite Direktè Jistis ak LapèMgr. Joseph Serge Miot, Prezidan Komisyon Jistis ak LapèKopi : René Préval, Prezidan Repiblik la

No Comments

Post a Comment