Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Relasyon Ayiti-Repiblik Dominikèn  / Militè CESFRONT desann ak bal yon Ayisyen epi blese yon lòt sou Fwontyè Ansapit/Pedènal

Militè CESFRONT desann ak bal yon Ayisyen epi blese yon lòt sou Fwontyè Ansapit/Pedènal

Fwontyè Ansapit la, ki fèmen jounen lendi 9 novanm 2009 la sou desizyon majistra vil la, te make ak san yon lòt fwa ankò, samdi 7 novanm, apre yon jenn pwofesè lekòl, Wesner Bonhomme, te fin tonbe anba bal militè CESFRONT yo bò rivyè Pedènal la. Yon lòt jenn gason Edwa Similyen te blese anba bal e l ap pran swen kounye a nan lopital. Dapre enfòmasyon GARR resevwa nan men Komite Dwa Moun Ansapit, dram sa a rive, se pandan 2 Ayisyen Wilsonn Jan, (Wilson Jean) ak Edwa Similyen (Edouard Similien) ki te lòtbò fwontyè, t ap rantre lakay yo, nan Site Nèf, Ansapit. Militè dominiken kanpe yo pou mande yo lajan. Kòm Ayisyen yo deklare yo pa gen lajan, militè yo fache, yo mete men sou Wilsonn, yo mare l nan yon pyebwa, yo rale baton, e yo tonbe maspinen l. Lè Edwa wè militè yo ap bat Wilsonn san rete, li voye wòch sou yo. Se nan moman sa a, yon militè tire sou Edwa, ki pran yon bal nan kuis. Lè sa a, Edwa janbe Ansapit pou bay nouvèl la. Yon gwoup ayisyen al sanble sou fwontyè a, e yo te koumanse vanse sou yon Dominiken a moto ki te sot achte kleren Ansapit e ki t ap rantre Pedènal. Moto a vin pran pàn nan rivyè a. Lè sa a, gen yon pwofesè lekòl, Wesner Bonhomme, 21 lane, ki pa t dakò foul la te bare Dominiken an, li kòmanse ede l pouse moto a pou l ka janbe. Se nan moman sa a, yon militè CESFRONT parèt, li tire sou pwofesè a, ki pran bal nan vant. Li pèdi lavi l lapoula. Annapre, yon ofisye dominiken lage sitwayen ayisyen Wilsonn Jean, militè parèy li te mare nan yon pyebwa pou egzije l peye lajan pou kite l pase antre lakay li.Zak sa a rive apre yon bann lòt ki rete san pini e sitou kèk jou apre moun ak zam te touye, koupe tèt epi boule yon gwoup 4 Ayisyen nan fou chabon, nan zòn Jimani, sou fwontyè Lwès la. N ap raple, nan menm zòn Ansapit la, nan nuit 9 pou louvri 10 jiyè 2009, 2 dominiken yo te idantifye trè byen, te antre lakay Berson Gelin, nan Site Nèf, yo tire l ak bal. Jiska prezan Berson poko janm ka mache, alewè pou l ta reprann aktivite li. Malgre madanm li ki te temwen zak la te pote plent nan Pedènal, anyen pa fèt pou arete epi jije dominiken ki te tire sou li yo.GARR ap pwofite demanti enfòmasyon ki fè kwè ayisyen sa yo viktim paske yo t ap eseye antre san papye an Repiblik Dominikèn. Moun ki viktim yo se sitwayen ayisyen ki abite Ansapit e ki gen abitid fè alevini nan Pedènal, menm jan ak dominiken yo ki abitye vin flannen Ansapit. GARR ap pwofite denonse tou konpòtman dechèpiyè militè dominiken yo toujou genyen anvè ayisyen yo pou fòse yo peye lajan pou tout bagay, ni pou antre nan peyi yo, ni pou yo soti.Yon lòt fwa ankò, GARR lanse yon rèl vijilans bay opinyon nasyonal ak entènasyonal la pou atire atansyon yo sou bann move zak sa yo ki pa sispann repete sou ayisyen sou tout liy fwontyè a ak anndan Repiblik Dominikèn. Aksyon sa yo kontinye akòz siritans yon seri gwoup moun ame, sivil kou militè, jwenn nan men otorite lakay yo ki pa janm pran okenn mezi pou frennen yo. Yo kontinye tou akòz manfouben otorite Leta ayisyen yo ki lage moun sou fwontyè a ak imigran ayisyen an Repiblik Dominikèn tankou pitimi san gadò. GARR voye kondoleyans li bay fanmi Bonhomme Wesner nan Ansapit e li swete 2 lòt viktim yo bon retablisman.

No Comments

Post a Comment