Yon Ayisyen disparèt an Repiblik Dominikèn
Onèl Jean Francois, yon Ayisyen k ap travay depi 10 lane nan lokalite Limonn, Repiblik Dominikèn, toupre fwontyè a, kite kay li depi 8 me 2010, li pa janm tounen. Rezo Fwontalye Jano Siksè tanmen demach bò kote otorite dominikèn yo.Jou 8 me a, a 6 zè nan maten, Onèl ki se moun Bwadòm, nan depatman Sidès sou fwontyè a, pran makout li, pou li al travay nan jaden. Depi jou sa a, fanmi li di, li pa janm tounen. Sitwayen ayisyen sa a kite madanm li, Martha Jean Baptiste ak 6 pitit nan Limonn ; pi piti a gen 4 lane, premye a gen 15 lane. Se nan dat 27 me 2010, nouvèl la rive jwenn reprezantan Komite Dwa Moun Tèfwad, sou fwontyè Lwès Ayiti, ki se manm Rezo Fwontalye Jano Siksè. Menm 27 la, manm komite a te rann li nan Limonn kote li te rankontre ak komandan kazèn ak responsab lapolis sou dosye a. Komandan kazèn dominiken an di, apre li te fin resevwa enfòmasyon bò kote fanmiy Onèl, li te fè plizyè pakou epi mennen ankèt ak yon trantèn moun, Ayisyen kou Dominiken, pou fè rechèch nan tout raje. Men, yo poko jwenn okenn rezilta jiska prezan. Otorite dominikèn yo bay komite dwa moun nan garanti, y ap kontinye chache Onel Jean Francois. Dapre enfòmasyon komite a jwenn, Onèl pa moun ki te nan kont ni diskisyon ak okenn moun.
No Comments