Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Aktyalite  / Relasyon Ayiti-Repiblik Dominikèn  / Komès sou fwontyè a : Otorite dominikèn yo pa kenbe pawòl yo

Komès sou fwontyè a : Otorite dominikèn yo pa kenbe pawòl yo

Apre yon rankont ki te reyalize nan Dajabon 10 novanm 2010, otorite dominikèn yo, sou fwontyè a, te pran angajman pou pèmèt komèsan/komèsant ayisyen yo rantre pran machandiz yo ki fèmen depi kèk jou nan depo nan vil Dajabon lè gouvènman dominiken te deside fèmen fwontyè a apre anons maladi kolera nan peyi Dayiti. Poutan, jou vandredi 12 novanm la, sa pa fèt. Depi 8 tè nan maten Ayisyen/Ayisyen ki abitye fè komès an Repiblik Dominikèn t ap tann sou ansyen pon Rivyè Masak la pou yo rantre nan Dajabon al pran machandiz yo, jan gouvènè Dajabon nan, Esther Ramirez te anonse sa nan rankont 10 novanm la. « Nou vle rive nan yon anbyans sekirite, konfyans ak lapè sou fwontyè a, paske nou tout se frè». Se sa gouvènè a te di nan moman li te fin anonse l ap mete kamyon a dispozisyon komèsan/ant ayisyen yo pou yo ka transpòte machandiz yo nan nouvo mache Dajabon nan. (Solidaridad Fronteriza, nòt 11/11/10).Byen bonè jounen 12 novanm nan, reprezantan asosyasyon komèsan dominiken nan Dajabon te vini sou fwontyè a pou rankontre ak konfrè ayisyen yo, pou ansanm yo al pran machandiz yo, «men direktè Ladwann Dajabon nan te anpeche Ayisyen yo janbe». Se pawòl responsab asosyasyon komèsan nan Wanament, Joazard Boselin ki di yo bezwen prezans konsil ayisyen an paske se yon antant ki te fèt ant otorite 2 peyi yo. Bò kote pa l, Kòdonatè Rezo Fwontalye Jano Siksè, Alexis Alphonse, di li konstate jan militè dominiken ap voye baton devan dèyè sou Ayisyen/Ayisyèn k ap janbe sou yon 2zyèm pon ki rele « pon nèf ». Se la moun ki pral nan mache tou nèf la dwe pase. Gen lòd ki ta soti bò kote otorite yo pou yo pa kite Ayisyen sikile nan vil la toupatou, men pou yo senpman ale nan mache a, al achte epi tounen Ayiti. Yon enfòmasyon yon responsab nan yon òganizasyon dominiken ki sou fwontyè a, Centro Puente, konfime bay GARR nan apremidi 12 novanm nan. Menm sous la te di GARR, li pa okouran gen lòt reyinyon ki prevwa tousuit pou ranje sitiyasyon an. Li di, byen souvan, otorite lokal yo pa toujou aji dapre reyalite fwontyè a ni relasyon bon vwazinaj ki egziste ant 2 pèp yo ; yo pito ap tann dikte nan men otorite Santo Domingo ki byen lwen reyalite teren an e lè sa a, sa vin konplike rapò yo sou fwontyè Dajabon. Nap raple nan rankont 10 novanm lan sou demach pou relouvri mache a, te genyen gouvènè Dajabon nan, majistra vil la, reprezantan asosyasyon komèsan dominiken ; epi tou viskonsil ayisyen nan Dajabon, majistra Wanament la, visdelege depatman Nòdès, ak reprezantan asosyasyon komèsan ayisyen.

No Comments

Post a Comment