Move mezi diskriminasyon kont Ayisyen nan Repiblik Dominikèn sou baz konbat maladi kolera
Depi anons maladi kolera a eklate nan peyi Dayiti, Ayisyen/Ayisyèn k ap viv nan Repiblik Dominikèn kòmanse viktim divès mezi ki gen mak diskriminasyon, kidonk zafè mete moun sou kote. Reprezantan sendika kou otorite Leta ak kèk manm nan sektè biznis prive a pran dispozisyon ki gen tandans ale nan menm sans la.Se konsa, dapre sa laprès dominikèn rapòte, Konfederasyon Nasyonal Transpò ki gen ti non KONATRA entèdi chofè otobis li yo pou yo pa pote Ayisyen (El Nacional, 6/12/10). Lapolis fe yon melanj kote li fè konprann se Ayisyen ilegal yo k ap gaye kolera nan Repiblik Dominikèn. Lè yo jwenn otobis ki gen Ayisyen san papye, yo sezi machin sa a.Jounal la fè konnen, se divès branch sendika KONATRA a ki dakò ak mezi pou pa pran pasaje ayisyen yo, tankou branch otobis Konatra nan zòn Sid, nan zòn Nò ak nan zòn Lès peyi Repiblik Dominikèn. Toujou daprè jounal El Nacional, prezidan sendika a, Antonio Marte deklare « Kit Ayisyen yo legal, kit yo pa legal, nou pap kite yo monte bis nou yo ». Li plenyen dèske, Lapolis fè abi nan sezi otobis k ap pote Ayisyen malgre Ayisyen yo montre papye legal yo. Li anonse sendika a deside kenbe mezi sa a jiskaske otorite yo respekte dwa yo kòm sendika epi sispann sezi otobis yo pou 3-4 mwa jan y ap fè sa. Gen 40 otobis otorite yo ta deja sezi.Bò kote pa l, Asosyasyon minibis Haina nan kapital la, mande chofè bis yo gade figi moun ki sanble Ayisyen pou egzije yo montre papye yo anvan yo kite yo monte.N ap fè sonje, nan dat 24 novanm 2010, prezidan Leonel Fernandez te fè yon gwo reyinyon nan Palè Nasyonal dominikèn avèk Komisyon Nasyonal Kolera a ki gen ladan alatèt lame dominikèn ak Direksyon Migrasyon. Pandan reyinyon sa a, yo tabli sa yo rele « Directiva Diecinueve ». Se visminis lame dominikèn nan, majò jeneral Antonio Campusano Lopez k ap sipèvize tout operasyon vijilans yo. Wo grade a te deklare, «N ap veye tout koridò sou fwontyè a kote Ayisyen yo ka pase e n ap konsyantize sendika chofè yo pou yo pa pote moun ilegal». (Hoy,25/11/10)Gen kèk egzanp tou nan sektè biznis dominikèn nan, espesyalman sektè touris la ki pran mezi bout di kont anplwaye ayisyen ki gen konje e ki fè lide pase konje yo nan peyi Dayiti. Se sa GARR aprann bò kote yon Ayisyen, Mario Desous, k ap travay nan yon chenn otèl nan Puerto Plata, yon gwo zòn touris nan Repiblik Dominikèn. Li di, «Direksyon otèl la entèdi karebare pou anplwaye ayisyen yo rantre Ayiti». Li avèti yo, sizoka yo ta rantre nan peyi yo, lè yo tounen, yo tou revoke akòz zafè maladi kolera ki genyen an Ayiti. « «Tan konje m rive, men mwen pa ka rantre Ayiti vin wè fanmi m ak pitit mwen k ap viv nan Pòtoprens, sa di pou mwen». Se sa Mario Desous te di yon reprezantan GARR nan Repiblik Dominikèn, 24 novanm 2010.N ap fè sonje, nan zafè lit kont kolera a, otorite dominikèn yo pran mezi depaman. Konsa, 6 desanm 2010, Laprès dominikèn fè konnen, sou presyon plis pase 3 mil machann, otorite yo relouvri yon mache pèpè nan Santo Domingo ki rele LA PULGA (El Caribe,21/11/10). 2 semenn anvan, se anba kout zam ak gaz lakrimojèn lapolis te anvayi mache LA PULGA a, a 5e nan maten pou li te kraze mache sa a paske otorite yo te deklare, pèpè yo sitire kolera. Machann dominiken yo ki te byen monstre te di otorite yo, si yo kite komès rad layite sou fwontyè a, fòk yo kite yo vann pèpè yo nan kapital la. Daprè menm sous la, Otorite yo bat ba 6 desanm nan, mache a relouvri pandan yo pran plizyè mezi lijyèn ak mete pwodui tankou kloròks.Sitiyasyon k ap devlope nan Repiblik Dominikèn parapò a dosye kolera a lage gwo tèt chaje lakay yon bann Ayisyen k ap poze tèt yo kesyon : Si yo pa ka vwayaje, yo pa ka vann, yo pa ka travay, kouman y ap fe viv ? GARR rekonèt dwa Leta dominiken genyen pou li pwoteje popilasyon li. Men, li pwoteste ak tout fòs li kont move tretman sa yo ki mache ak mezi diskriminasyon e kote yo mete nan menm sak moun ki san papye ak maladi kolera e kote menm moun ki legal pedi dwa yo. GARR salye anons rankont ant 2 chef Deta zile a sou jesyon kolera a, e li pwofite mande otorite Leta yo nan peyi Dayiti pou yo defann dwa sitwayen ak sitwayèn yo, e pou yo pa rete bouch be devan lòt fòm diskriminasyon sa a ak abi k ap fèt sou yo parapò ak zafè kolera a nan Repiblik Dominikèn.
No Comments