Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / GARR  / Kòdonatris GARR la resevwa yon distenksyon pou angajman l nan kòz migran ayisyen yo

Kòdonatris GARR la resevwa yon distenksyon pou angajman l nan kòz migran ayisyen yo

Militant dwa moun Colette Lespinasse, Kòdonatris Biwo egzekitif Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo(GARR) te resevwa yon distenksyon nan dat 3 avril 2012, nan men Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm pou angajman li ak detèminasyon l pou egzije respè dwa migran ayisyen yo toupatou.

Se nan lane 1991 Colette Lespinasse te koumanse kolaborasyon li nan GARR e li vin okipe pòs kòdonatris òganizasyon an nan lane 1999. Sou direksyon l, Platfòm nan selebre 20 lane egzistans li kote li rete tennfas ak pledwaye l ap mennen anfavè moun y ap rapatriye sou fwontyè a, anfavè respè dwa migran ayisyen yo, an patikilye moun k ap viv sou tèritwa dominiken ; ranfòsman lidèchip fanm yo ; garanti dwa pou tout Ayisyen/Ayisyèn gen papye idantite nan peyi a tankou aletranje.

Apre tranblemann tè 12 janvye 2010 la, GARR vin rantre yon nouvo tèm pledwaye nan travay li anfavè moun deplase yo ki se yon lòt kategori migran.

N.B : Nou envite w li diskou Kòdonatris la te pwononse nan sikonstans la.

Diskou Kolèt Lespinas

No Comments

Post a Comment