Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / GARR  / Pozisyon GARR ak FRAKKA sou pwoblèm Pak Lavizit la

Pozisyon GARR ak FRAKKA sou pwoblèm Pak Lavizit la

Jou ki te 23 jiyè 2012 la, yon delegasyon ki te gen ladan reprezantan divès antite Leta ayisyen tankou Delegasyon Depatmantal Sidès, ajan pwoteksyon sivil, Komisè Gouvènman Jakmèl ak ajan  Meri Marigo debake ak yon trantèn polisye ame plis yon kolonn atoufè nan Pak Lavizit, nan mòn Lasèl,  pou fòse abitan yo kite pak la. Sitiyasyon an te dejenere lè yo kòmanse kraze kay peyizan yo. Pou fè rezistans, popilasyon  an tire wòch sou bann nan.  Lapolis tire anpil katouch ak gaz lakrimonjèn.  De(2) moun tonbe nan mitan abitan Pak Lavizit yo, gen polisye ki pran kout wòch.  Apre sa, ekip otorite ak bann atoufè yo deside fè bak.  Sou wout, yo rankonte ak 2 peyizan ki t ap kouri vin pran nouvèl pou konnen sa ki t ap pase ;  yo egzekite yo.  Yo tire  bèf e yo mete dife nan  kay.  Bilan  debakman sa a nan Pak Lavizit:  4 peyizan mouri anba bal, 3 kay kraze, 2 kay boule, 2 bèf mouri.  Gen 2 timoun y ap chache depi lè sa a yo poko janm jwenn yo.  Non moun ki mouri yo se :   Nicolas David, Enose Désir, Aleus Désir ak Volcin Robenson.

                                                                        

Nan kout kat la, yo arete 2 moun :  Elius Alfred ak Jean Louis Saint Fort.  Moun sa yo toujou nan prizon Jakmèl.  

 

Ki kote kriz sa a soti ?

Depi nan lane 1940 yo konsa, gen yon seri fanmi peyizan ki tabli nan Pak Lavizit ki se yon zòn ki chaje ak pyebwapen, epi ki sèvi kòm yon rezèv dlo pou tout zòn Sidès ak Lwès la.  Pi fò nan moun sa yo, se desandan ouvriye ki t ap travay ak 2 siri ki te gen lontan kontra ak Leta pou esplwate forè a, siye bwa pou fè planch.  Nan moman sa a, peyizan yo te konn anfème tè nan men Leta pou fè jaden.  Lè siri yo vin fèmen, fanmi sa yo rete la, yo kontinye fè lagrikilti detan y ap peple.  Yo pase de 40 fanmi an 1980 pou rive a 140 an 2012.

An 1983, Leta ayisyen deside fè zòn kote yo ye a tounen yon zòn rezève, sa vle di yon kote pou se pyebwa sèlman ki pouse la.  Men Leta pa janm fè yon apantaj pou di ki kantite nan tè yo ki rezève e ki lòt ki ka itilize pou lòt bagay.  Apre sa otorite yo disparèt, yo kite peyizan yo poukont yo.  Tanzantan, lè gen yon nouvo gouvènman sou pouvwa, dosye Pak Lavizit la rekoumanse pale, apre sa yo foure l nan tiwa bliye sa.

 

Nan premye trimès ane 2012 la, gen nouvèl ki vini jwenn peyizan yo ki fè konnen gouvènman Martelly a gen pwojè pou Pak Lavizit.  Depi lè sa a, gen gwo presyon k ap fèt sou fanmi k ap viv nan Pak la pou yo bay tè a blanch.  Reyinyon fèt adwat, agòch, jous nan Pòtoprens.  Men pèsonn pa di peyizan yo ki kote yo pral dòmi, ni ki kote yo pral travay lè yo fin kite pak la.  Peyizan yo bò kote pa yo, toujou deklare yo vle kite Pak la, men yo dwe  twouve lòt mwayen pou yo travay paske se agrikilti yo konn fè epi fòk yo gen yon kote pou yo rete.  Leta pa reponn a revandikasyon sa a.  Li senpman dakò pou lage nan men yo 50,000 goud pou y al degaje yo :  20,000 anvan yo kraye kay yo, epi rès la lè kay yo fin kraze.  Peyizan yo pa dakò ak pwopozisyon sa a ki pral lage yo nan lari. Se konsa, Leta manche gwo ponyèt li nan dat 23 jiyè, li fè gwo deblozay sa a  pou fè moun yo soti pa fòs.  

 

Eske pwoteksyon anviwonman pa ka mache ak bon jan lavi pou peyizan ?

Tout moun dakò anviwonman peyi Dayiti ap fin depafini e gen desizyon ki dwe pran pou korije sa.  Men kisa ki lakòz anviwonman an ap depafini, pyebwa ap koupe konsa ?  Youn nan rezon yo se move kondisyon lavi ki gen nan mòn yo kote peyizan yo ap viv san okenn sèvis Leta :  pa gen edikasyon, sant sante, api pou agrikilti.  Yo konsidere yo kòm moun andeyò ki pa merite jwenn okenn sèvis. An gwo, se sistèm esklizyon an, sistèm peze souse a, ki lakòz rezilta sa a.  Kidonk premye solisyon a pwoblèm anviwonman an, se sispann esklizyon an, se chache amelyore kondisyon lavi peyizan yo, sa vle di, ba yo mwayen tankou tè, semans, akonpayman teknik pou yo fè agrikilti a pi byen, mete sèvis sante, lekòl pou yo, dekwa pou yo pa bezwen  koupe pyebwa pou yo viv. 

 

POU ANVIWONMAN AN PWOTEJE, SE SISTEM ESKLIZYON AN KI DWE KRAZE, SE PA PEYIZAN YO POU YO KRAZE.

 

23 Out:  yon jounen kont esklizyon

Nan lannuit 22 pou rive 23 Out 1791, esklav nan Sendomeng yo te leve kanpe kont lesklavaj.  Grasak batay yo te mennen, esklav yo te tounen moun lib.  Men sistèm Leta ki mete anplas la, eskli yo.  Yo rele yo « MOUN ANDEYO”.  Se sistem moun andeyò sa a ki lakòz kondisyon lavi peyizan yo pa amelyore e ki lakòz anviwonman an ap fin degrade.

 

Depi 5 lane konsa, GARR selebre jounen 23 Out la pou l reflechi sou yon tèm ki montre mak fabrik esklizyon an.  Ane 2012 la, jounen an ap fèt sou pwoblèm anviwonman ak sistem moun andeyò a.  Ane sa a, GARR ansanm ak FRAKKA ap pwofite de jou sa a  pou yo fè solidarite ak peyizan nan Pak Lavizit yo ki sot viktim nan operasyon gwo ponyèt 23 jiyè a.  Se yon okazyon pou nou fè yon reflechi sou pwoblèm degradasyon anviwonman an ak kondisyon lavi moun nan mòn yo.  Se yon okazyon tou pou n louvri yon dyalog ak otorite Leta yo ki gen reskonsablite pou pran desizyon sou kesyon anviwonman.

 

Pozisyon GARR ak FRAKKA

GARR Ak FRAKKA konstate Leta Ayisyen depi lontan toujou anonse li vle pran gwo dezisyon pou rezoud pwoblèn anviwonman tankou frennen debwazman, konbat ewozyon, glisman teren ak anpil lòt flewo ki menase anviwonman peyi nou. Men responsab Leta yo pa janm enplike tout bon vre gwoup peyizan yo nan desizyon pou mezi redresman yo epi reflechi ak yo sou lòt altènativ ki genyen pou rezoud pwoblèm yo. Poutan moun sa yo se premye gwoup ki konsène nan kesyon sa a. Se sak fè, ane pase, gouvènman pase, anyen pa jann rezoud.  Okontrè sitiyasyon an vin pi mal.

 

GARR ak FRAKKA rete kwè, tout politik pou pwoteje anviwonman peyi Dayiti dwe entegre tout gwoup yo konsidere ki andeyò yo. Evenman Pak Lavizit la montre otorite konsène yo pa gen volonte pou travay nan tèt kole ak gwoup peyizan Pak la pou ka gen bon rezilta.  Eta de dwa pa mache ak gwo ponyèt, ni enjistis.

 

Konsa, nan okazyon Jounen entènasyonal 23 out pou ane 2012 la, ki raple batay esklav yo ki te mennen nou nan endepandans peyi a, GARR ak FRAKKA vle atire atansyon otorite Leta yo sou reyalite lavi peyizan Pak Lavizit yo e sou nesesite pou bay lòt altènativ anvan yo mande yo pou kite espas la.

 

Nou pa dwe manje manje bliye. Mòn yo nan peyi Dayiti se senbòl premye baz rezistans esklav mawon yo kont lesklavaj. Se ansyen esklav sa yo ki tounen peyizan apre lendepandans. Jounen jodi a, okenn Leta pa dwe mache al touye pitit pitit yo nan mòn sou baz pwoteksyon anviwonnman, apre li fin klase yo kom moun andeyò. Pwoteksyon anviwonman dwe mache ak pwoteksyon lavi!

 

Nan sans sa a, nan okazyon jounen 23 Out la, GARR ak FRAKKA ap mete vwa yo ak vwa peyizan yo pou mande :

 

–         Libere prese prese :  Elius Alfred ak Jean Louis Saint Fort k ap pouri nan prizon Jakmèl depi debakman 23 jiyè 2012 la nan Pak Lavizit.

–         Jistis pou 4 peyizan ki mouri sasinen nan operasyon otorite Jakmel yo t al fè nan Pak la jou sa a.  Se pou gwo zotobre ki t ap mennen operasyon an e ki touye peyizan  yo jwenn pinisyon pou zak yo fè ;

–         Pou otorite yo travay ak fanmi k ap viv nan Pak la pou ede yo jwenn yon lòt kote ki desan pou yo rete anvan yo retire yo nan Pak la.

–         Pou otorite yo bay peyizan yo moso nan pakèt tè Leta genyen nan tout zòn Segen pou yo ka kontinye pwodui manje pou yo manje ak pou vann pou okipe fanmi yo.

–         Pou Leta bay peyizan sa yo akonpayman pou fè agrikilti a pi byen, yon fason ki pa p detwi anviwonman an epi mete sèvis pou yo tankou lekòl, sant sante eksetera.

–         Pou Leta chache mete anplas yon sistèm k ap enplike peyizan k ap viv nan zòn nan nan tout aktivite pou pwoteje forè a pase pou l fè represyon sou yo.

 

 

«  Pou anviwonman pwoteje tout bon vre, fòk zafè moun andeyò kaba »

 

 

GARR,  FRAKKA

13/8/2012

 

No Comments

Post a Comment