GARR ak Sant Pon Ayiti mande Leta ayisyen pran responsabilite l
Nan memwa plis pase yon douzèn Ayisyen/Ayisyèn ki te mouri neye nan lanmè Bahamas 19 Avril 2008 ak pou lonje dwèt sou sitiyasyon vyolasyon Dwa Moun sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, GARR ak Sant Pon Ayiti òganize nan dat 14 me 2008 la, yon seri akitivite nan Pòtoprens : yon mès, yon konferans pou laprès ak yon mach san pawòl.Nan legliz Sen Lwi Wadfrans kote mès la te selebre, Pè Gérard Gladimir te chita anpil sou nesesite pou gen plis solidarite nan mitan pèp ayisyen epi pou Leta pran responsabilite l. « Ayiti gen tout sa l bezwen pou tout Ayisyen viv nòmalman, men pi gwo pwoblèm nan se solidarite, tèt ansanm ak pataj ki manke nan sosyete a ». Se pawòl Pè Gladimir ki te tou pwofite envite chak Ayisyen lite pou lavi nan bon sans mo a, « kidonk pa lite pou lavi pa nou sèlman men lite pou lavi kapab jèmen epi donnen kote nou ye a, sitou nan katye kote n ap viv la; se kòmanse pa youn, de, twa ki aksepte sakrifis la epi w ap jwenn lòt moun k ap met ansanm avè w jiskaske nou ka jwenn yon lit ki gaye sou tout tèritwa nasyonal la ».Pè Gladimir pouswiv pou l di « Gen anpil move pawòl, move aksyon k ap fèt kont nou menm[Ayisyen] pou nou pa janm pwogrese, men nou menm nan ti sa nou kapab fè, nou ka pote lavi bay moun ki bezwen, pa panse efò nou ap rete san rezilta » Anvan mès la, GARR ak Sant Pon Ayiti nan kolaborasyon ak Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) te rankontre ak laprès pou te prezante move sitiyasyon Ayisyen ap sibi nan lòt peyi tankou Repiblik Dominikèn ak sou fwontyè a, nan silans ak endiferans otorite ki plase pou di yon mo.Tousuit aprè konferans pou laprès la, plizyè dizèn moun ak pannkat nan men te mache soti nan lokal Sant Pon Ayiti kote konferans lan te fèt pou rive nan Ministè Ayisyen kap viv lòt bò dlo. Nan mesaj ki te ekri sou pannkat yo, patisipan yo te mande Leta sispann rete bèbè nan soufrans sitwayen-sitwayèn yo, respekte dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl yo, mete travay nan peyi a pou Ayisyen pa pèdi lavi yo nan move kondisyon, epi kwape trafik ak trèt moun. Yon delegasyon te remèt yon lèt pou alatèt Ministè Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, ansanm ak yon rapò ki ranmase divès ka vyolasyon dwa moun, Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) te obsève sou fwontyè peyi a, sòti janvye pou rive me 2008 ; anmenmtan, yo te bay yon dokiman sou Ayisyen ki te mouri neye nan lanmè Bahamas, nan mwa avril pase a. Soti nan Ministè a, patisipan yo te kontinye mache ak pannkat yo pou rive nan Legliz Sen Lwi Wadfrans nan zòn Tijo pou mès la.
No Comments