Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / GARR  / Mesaj GARR nan okazyon manifestasyon Tèt Ansanm pou yon lòt Premye me

Mesaj GARR nan okazyon manifestasyon Tèt Ansanm pou yon lòt Premye me

Nan okazyon dat premye me a, ki se jounen revandikasyon ak solidarite tout travayè ak travayèz sou latè, GARR wete chapo l byen ba pou l salye tout travayè/travayèz ayisyen kèlkilanswa kote yo ye nan mond la, kit yo an Ayiti, kit yo nan dyaspora a. Yon salitasyon espesyal pou sila yo ki an Repiblik Dominikèn tou pre nou la a, e ki ap viv toulejou anba menas depòtasyon, anba diskriminasyon ak move kondisyon travay.Kòm òganizasyon k ap defann dwa travayè migran, GARR pran lapawòl jounen jodi a, pou l fè tout moun sonje ki gwo wòl travayè ayisyen ki aletranje yo, fanm kou gason, ap jwe nan lavi peyi a, espesyalman nan lavi ekonomik la. Lontan Ayiti te konn voye vann lòt bò dlo kafe, kakawo, bwa, pit, pou jwenn dola vèt pou gran nèg isit paweze. Jounen jodi a, se bra peyi a, sèvo peyi, san peyi a li kite ale pa pil pa pakèt pou al chache dola vèt voye tounen pou menm penpenp la ka kontinye. Se nan konsa, plis pase 2 milyon edmi konpatriyòt retwouve yo jodi a nan peyi etranje, y al chache lavi lòt kote, paske isit la yo pa ka jwenn travay, ni sa yo bezwen pou yo viv. Pi fò nan moun sa yo ki twouve yo Ozetazini, an Repiblik Dominikèn, nan Kanada, nan Antiy yo, eksetera, se pa nan bèl biwo y ap travay. Se nan faktori y ap bourike, se lakay moun y ap travay kòm domestik, kòm jeran lakou, nan okipe ti granmoun, nan fè taksi, oswa nan travay jaden. Anpil nan moun sa yo ap travay nan kondisyon ki difísil kote dwa yo pa respekte. Youn nan kote sa pi rèd, se an Repiblik Dominikèn, kote plis pase 500 mil travayè janbe al chache lavi. Moun sa yo travay nan move kondisyon nan jaden, nan chan kann, sou chantye konstriksyon, nan fè komès. Pi fò nan yo pa gen yon dokiman legal ki ba yo dwa travay epi rete nan peyi a. Konsa, se sou tansyon yo ye toutan, paske pou ti krik ti krak yo arete yo, pimpe yo tounen sou fwontyè a san anyen nan men yo. Lè konsa, yo retounen pi mal pase jan yo te pati a, e yo pèdi tout ti byen yo te fè laba a. Anplis prejije ak diskriminasyon y ap viv toulejou nan lari, bò lakay yo, patwon yo fè yo tout kalite abi: yo peye yo mal, yo pa gen jou repo, yo pa gen pansyon, yo pa gen sekirite sosyal epi pitit yo san lavni, paske yo pa menm ka gen yon batistè. Malgre sitiyasyon an pa toujou fasil pou yo, travayè ak travayèz ayisyen ki aletranje yo blije rete la, paske pa bò isit, bagay la pi mal toujou. Nan ti sa yo fè a, yo jwenn mwayen retire kichòy pou voye lakay. Se konsa, chak ane, se plis pase yon milya edmi dola ameriken moun sa yo ki aletranje voye an Ayiti. Se grasa transfè yo fè, anpil timoun ale lekòl, anpil malad jwenn swen, anpil fanmi jwenn yon ti kote pou yo rete epi monte chodyè chak jou. Lajan kouray ayisyen ki aletranje voye pou peyi a chak ane pi plis lontan pase tout èd entènasyonal gwo peyi rich di yo bay oswa prete Ayiti. Malerezman, yon bon pati nan dola sa yo retounen ankò aletranje nan achte yon seri byen ki pa itil peyi a anyen, oswa pèmèt grannèg ak grannègès ki an pozisyon, jwenn dola vèt pou y al sere oswa al jwi lòt kote.Men kisa travayè sa yo jwenn an retou nan men Ayiti? Kisa Leta ayisyen ba yo kòm sèvis? Mezanmi anyen! Leta ayisyen, atravè Ministè Afè Etranjè ak Ministè Ayisyen k ap Viv Aletranje, pa fè anyen pou reponn yon seri bezwen travayè ki nan dyaspora a genyen. Okontrè, anpil kote, moun yo mete nan anbasad ak nan konsila yo, se moun ki kont travayè yo, ki gade yo mal, paske trè souvan se pa moun ki gwo save, ki konn pale tilititi. Gen yon seri anbasadè ak konsil Ayiti genyen aletranje, tankou an Repiblik Dominikèn, se pa dwa ayisyen ditou y ap defann. Chak fwa yo pran lapawòl, se kont travayè peyi yo reprezante a yo pale, oswa kont moun k ap lite ansanm ak yo. Gen kote ki gen anpil travayè ayisyen, men pa gen okenn prezans Leta.Youn nan pi gwo sèvis travayè ayisyen ki aletranje bezwen jodi a nan men Leta, se yon sèvis etasivil ki dyanm k a p ede yo jwenn, trapde, bon papye yo bezwen tankou akdenesans, ak maryaj, katdidantite eksetera, san raketè pa koupe kou yo. Nan zafè regle papye a, toupatou alèkile se rèl nan dyaspora a. Anpil lajan depanse, san rezilta. Men bagay la pi grav nan Antiy fransèz yo, espesyalman nan Giyàn Fransèz. Yon lòt sèvis travayè ayisyen ki aletranje yo bezwen nan men Leta, se sèvis legal k ap ede yo pwoteje ak defann dwa yo. Ministè Afè Etranjè dwe genyen plis konsila ak avoka, ak travayè sosyal ladan yo ki kapab ede travayè yo ki sibi twòp abi. Se poutèt sa, nan okazyon Jounen premye me a ki se jounen revandikasyon ak solidarite ak tout travayè/travayèz yo, noumenm nan GARR, nou vin rele devan Ministè Afè Etranjè pou nou di l pran men l, pou n mande l òganize Anbasad ak konsila yo, espesyalman kote ki gen anpil ayisyen yo, pou l ka bay sitwayen ak sitwayèn yo sèvis. Se nan sans sa a, nan okazyon premye me 2009 la, GARR fè rekòmandasyon sa yo:
1.- Pou Leta ayisyen mete plis konsila nan zòn kote anpil travayè ayisyen twouve yo. Paregzanp, an Repiblik Dominikèn, nou mande pou gen yon konsila nan zòn Lawomana, nan zòn Elyas Pinya ak nan Pedènal. Se pou li bay konsila sa yo mwayen pou yo ka sèvi popilasyon an kòmsadwa. Konsila sa yo dwe gen ladan yo anplwaye ki gen anpil sansibilite pou travayè yo. 2. Prese, prese, nou mande pou Ministè Afè Etranjè nan tèt ansanm ak Ministè Ayisyen k ap viv aletranje yo, plis Achiv Nasyonal, pran yon seri mezi k ap pèmèt travayè migran yo jwenn papye Leta yo bezwen pou regle zafè yo san grate tèt. Nou mande yon entèvansyon rapid pou kominote ayisyen ki nan Giyàn ak nan Sirinam kote zafè papye a grav anpil. Se pou Ministè sa yo entèvni anfavè ayisyen yo bò kote anbasad ak konsila lòt peyi k ap plede rejte yon bann papye ki soti Ayiti san okenn rezon. 3 – Pou Leta ayisyen bay tout travayè migran ayisyen ki twouve yo an Repiblik Dominikèn kat idantifikasyon nasyonal la, espesyalman koupèd kann yo, yon fason pou moun sa yo genyen nan men yo, yon dokiman Leta Ayisyen k ap pèmèt yo mennen yon seri demach pou fè respekte dwa yo, tankou touche salè yo dwe yo, jwenn pansyon eksetera.4 – Apre evenman Neyba yo an novanm 2008, kote plizyè ayisyen te mouri sasinen oswa te blese, GARR te byen kontan tande Minis Afè Etranjè a anonse li pral louvri yon seksyon Dwa Moun nan chak konsila Ayiti genyen nan peyi sa a. GARR ap mande minis la nan ki pwen li ye ak demach sa a? GARR ankouraje minis la avanse nan pwojè sa a yon fason pou konsila yo gen moun ki kapab entèvni nan tribinal, nan prizon, sou lye travay yo anfavè travayè ki an difikilte yo. 5 – Pou gouvènman an bay ONM (Ofis Nasyonal Migrasyon) mwayen pou l kapab akeyi pi byen travayè yo pouse do yo tounen, lage yo sou fwontyè a. Se pou ONM prezan nan tout pwen nan fwontyè a kote rapatriman ap fèt ak nan ayewopò a. Se pou Leta ayisyen bay travayè yo kout men pou ede yo rejwenn byen yo kite lòt bò a lè yo fin rapatriye yo. Se pou li goumen pou fè otorite dominikèn yo respekte akò ki te siyen depi 1999 kote Repiblik Dominikèn te pran angajman pou li kite moun yo pran byen yo anvan yo kite peyi a.Nan okazyon jounen entèsyonal Dwa Travayè yo, GARR lanse yon apèl bay tout moun nan peyi a, espesyalman bay dirijan yo, politisyen yo, pou kreye kondisyon pou pèmèt plis moun anvi viv, anvi rete nan peyi a pou travay pou devlopman li olye pou y al chwe lòt kote, epi viv nan kondisyon yo pa fin twò renmen. GARR mande tout moun rekonèt wòl travayè nan dyaspora a ap jwe nan lavi nasyon an, pa gade yo sou kote, joure yo, di pawòl rasis sou yo, jan nou konn tande sa nan bouch yon seri moun. Jounen jodi a, se travayè anndan ak travayè deyò peyi a ki fè Ayiti kenbe. Ann konstri yon gwo solidarite antre nou, pou retire Ayiti nan twou kote li tonbe a.
Pou GARR
Kolèt LespinasKòdonatris

No Comments

Post a Comment