Fowòm sou «Komès vann nèg nan tan lontan ak kondisyon travay jodi a»
GARR ap òganize yon fowòm 3 jou, soti 20 pou rive 22 dawout 2009 sou » Komès vann nèg nan tan lontan ak kondisyon travay jodi a ». Fowòm sa a ap reyalize, pou yon dezyèm fwa, nan Pòtoprens, nan okazyon 23 dawout la, ki se « Jounen Entènasyonal pou sonje komès vann nèg ak lè sa te kaba ». Jounen sa a te chwazi nan memwa gwo leve kanpe zansèt esklav nou yo te fè lannuit 22 pou rive 23 dawout pou di non ak gwo eksplwatasyon dechennen ki te genyen sou plantasyon kolon franse nan Sendomeng, ansyen non peyi Dayiti. Fowòm sa a louvri pou tout sitwayen/sitwayèn, òganizasyon peyizan, sendika ouvriye, otorite Leta, Laprès ak tout lòt sektè pwofesyonèl nan peyi a ki kwè gen nesesite pou nou reflechi sou kondisyon travay Ayisyen/Ayisyèn ap viv, lakay li, lakay vwazen ak nan lòt peyi. N ap gade tou ki jan nan 21è syèk la, nou ka louvri wout pou yon demen miyò kote moun ap travay nan diyite jan Leta ayisyen pran angajman pou sa kòm manm Ã’ganizasyon Entènasyonal Travay (OIT).Fowòm sou «Komès vann nèg nan tan lontan ak kondisyon travay jodi a» rantre nan kad travay sansibilizasyon ak pledwaye GARR ap mennen kont trèt ak trafik moun e pou respè dwa sosyal ekonomik ak kiltirèl sitwayen/sitwayèn yo, nan peyi Dayiti. (Foto Google)
No Comments