Nou pa dwe bliye kondisyon lavi esklav yo ak lit yo te mennen pou diyite moun
Se lide sa a ki travèse premye jounen fowòm GARR louvri, 20 out 2009, nan lokal Fakilte Etnoloji, Pòtoprens, sou « Komès vann nèg nan tan lontan ak kondisyon travay jodi a, an Ayiti». Tousuit apre patisipan-ant yo te leve kanpe pou tande im nasyonal peyi a, kòdonatris GARR la, Colette Lespinasse, te fè yon rale sou listwa selebrasyon dat 23 out la ki se ″Jounen Entènasyonal pou sonje komès vann nèg (trèt negriyè) ak lit ki te mennen pou sa kaba″. Dat sa a te chwazi akòz gwo leve kanpe esklav nan Sendomeng yo te fè nan lannuit 22 pou leve 23 out 1791.« Pou nou, 23 out la, se yon gwo jounen Dwa Moun». Se pawòl kòdonatris GARR la, ki fè sonje, kolon yo te gade zansèt nou yo tankou bèt men ak leve kanpe sa a, yo fè tout moun konprann, yo se moun tou. Bò kote pa l, alatèt Biwo Pwoteksyon Sitwayen an/OPC, Necker Dessables, te pataje ak asistans la, eksperyans li te fè nan peyi Senegal, an Afrik, sou zile Gore, kote kolon yo te konn sanble Afriken yo te fin vòlò (fanm, gason, timoun) epi mete chenn nan pye yo, pou depòte yo abò bato negriye an direksyon Sendomeng, ansyen non peyi Dayiti. Pwotektè a te fè sonje, depi nan bato a, fanm afrikèn yo te sibi kadejak nan men plizyè gason. Sa te fèt sou desizyon kapitèn bato negriye a, ki te vle fanm sa yo ansent, yon fason pou limenm, pi devan, ka rekòlte lo esklav pa l.Serge Lamothe, Prezidan Konsèy Administrasyon GARR, te prezante objektif ak kontni fowòm nan ki vle fè sonje kondisyon travay esklav yo pandan tan lakoni joustan yo te leve kanpe an 1791 ak reyalite yon seri travayè ayisyen jounen jodi a. Fowòm nan dwe soti ak kèk pwopozisyon sou sa nou ka fè pou kreye travay ki diy ak plis solidarite nan sosyete nou an.Nan entèvansyon li te fè, visdwayen Fakilte Etnoloji a, pwofesè Jean-Yves Blot, te konpare mantalite kolon yo nan Sendomeng ki te gade esklav yo tankou bèt ak gwo patwon faktori yo, jounen jodi a, ki kont salè minimòm 200 goud la, e ki kont lide pou ouvriye-ouvriyèz yo gen dekwa nan men yo pou lafen pa tiye yo.Nan sa ki regade longè lavi esklav yo lè yo te rive nan koloni Sendomeng, pwofesè Roger Petit-Frère, yon lòt entèvenan nan Fowòm nan, te fè konnen, nan tout zòn Amerik la, se zansèt esklav nou yo ki te pi maltrete. Se sou tè sa a, esklav yo te pèdi lavi yo pi vit, anba travo fòse. Dapre chif yo, soti lane 1686 pou rive 1776, kolon franse debake 800 mil esklav nan Sendomeng. Sou 800 mil esklav sa yo, 500 mil te deja mouri nan lane 1776. Esklav yo te soufri malnitrisyon e yo te konn bat yo anpil. Zansèt esklav yo te sitèlman sibi move tretman, lanmò a te parèt kòm yon delivrans pou yo e gen ladan yo ki te konn manje tè san rete, yon fason pou yo ka gen dyare pou yo sa mouri pi vit. Gen anpil tantativ ki fèt e k ap kontinye fèt jis jounen jodi, pou Ayisyen/Ayisyèn pèdi memwa sakrifis sa a epi tou soulèvman zansèt esklav yo te fè pou lalibète, dapre pwofesè Rachel Beauvoir ki te prezante yon etid li te reyalize sou memwa Bwa Kayiman. Dapre pwofesè a, gen menm gwo swadizan save ki deklare, Bwa Kayiman pa t egziste. Parapò ak tout pawòl sa yo, pwofesè Rachel Beauvoir, ki te entèvni nan Fowòm nan, te pataje ak asistans la kèk imaj ak dokiman pou l montre, moun sa yo nan erè. Li esplike kijan Bwa Kayiman ki vin mennen nan soulèvman jeneral esklav yo, se te rezilta tout yon bann travay ki pran plizyè lane. Pwofesè a tou pwofite denonse zak yon gwoup ameriken ki, chak ane, nan mwa out, monte libe libè nan Bwa Kayiman pou derespekte memwa zansèt esklav yo. Yo menm ekri jounal kote yo esplike kijan yo anpwazonnen pyebwa nan zòn nan, jis pou touye yo sou lye istorik sa a epi monte drapo ameriken. Pandanstan, Leta ayisyen mete l an kò likid, menm yon plan pou bati yon moniman nan Bwa Kayiman, nan mewwa 21 nanchon Lafrik yo ki deja nan men l, li lage sa nan tiwa. Pandan Fowòm nan, gen gwoup mizik Vodoula, ki te mete animasyon nan asistans la, ki te gen lokazyon suiv tou, imaj ekspozisyon Esklav nan Paradi. Fowòm sou {Komès vann nèg ak kondisyon travay jodi a, an Ayiti}, ap rapousuiv nan lokal Fakilte Etnoloji, 21 ak 22 out 2009 la, ak plizyè lòt refleksyon.
(Foto Google)
No Comments