Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / GARR  / Ann pote kole ak deplase ayisyen yo pou demen miyò pase jodi

Ann pote kole ak deplase ayisyen yo pou demen miyò pase jodi

Nan okazyon fen dane 2010 la, GARR vle fè tout moun sonje, defi sitiyasyon tranblemann tè 12 janvye a pote dèyè l nan peyi Dayiti ki pwovoke anpil deplase anndan peyi a. Rekonstriksyon peyi a pa rete sèlman nan refè byen materyèl, rekonstwi kay oswa lekòl ki kraze, GARR rete kwè defi a tou se refè tèt nou kòm pèp, kòm moun ki pran chòk nan kò yo ak nan lespri yo epi rekanpe pou reprann ba direksyon lavi nou pou nou vanse dekwa pou lane 2011 la miyò. Se nan lide sa a GARR òganize jounen refleksyon sa a, jodi 22 desanm 2010 la, nan kad kloti yon seri 25 atelye siko-emosyonèl li te tanmen nan 3 zòn nan Pòtoprens ak sou fwontyè a, nan mwa oktòb 2010 ak fanmi deplase yo.Nan kapital la, gen 11 atelye ki te fèt nan zòn Kriswa ak Delma, 4 nan zòn Fonbaya sou fwontyè Malpas ak 10 atelye nan Laskawobas, sou fwontyè depatman Plato Santral espesyalman nan Kan Chanbren, Platanal, Dekovil, Lawòy Kas, Juampas, Tifond, Morèn ak Senvil. Gen yon ventèn atelye ki te reyalize ak 380 fanm ki gen ant 20 ale pou 55 lane ; epi 5 atelye ak 100 gason ki gen sòti 20 pou rive 45 lane. Chak atelye mache ak plizyè seyans kote patisipan ak patisipant yo gen lokazyon rantre pi fon nan yon seri sijè tankou kijan pou travay sou kò w lè w anba chòk, vale nou kòm moun, fenomèn tranblemann tè, dwa moun, vyolans sou fanm ak dwa fanm. Patisipan-ant yo te gen lokazyon pataje eksperyans yo ak soufrans yo.GARR konstate plizyè chanjman lakay patisipan-ant yo pandan divès seyans atelye yo : langaj patisipan ak patisipant yo chanje, e yo konprann pi byen sa ki gen arevwa ak fenomèn natirèl tankou tranblemann tè. Yo di yo wè pi klè sou prekosyon pou yo pran nan moman katastwòf. Yon lòt pa, patisipan yo pran konsyans sou sa yo rele dwa moun, espesyalman dwa lojman, dwa moun deplase yo, dwa fanm. Yo di, yo vle fè pwomosyon pou respè diyite moun kote y ap viv. Sijè tankou reparasyon sikolojik ak valè moun te enterese medam ki te patisipe nan seyans yo anpil. Yo di, yo rann yo kont kijan yo te viktim vyolans e se paske yo te lage tèt yo sou kont yon lòt moun. Yo deklare, yo deside pou yo pran lavni yo nan men yo. Moun ki patisipe nan atelye yo di tou, yo konprann pi byen kijan maladi kolera a rantre sou moun e yo vle suiv tout konsèy ki bay pou evite maladi sa a.Pou fini, GARR konstate volonte 170 patisipan/ant manifeste pou yo jwenn posiblite pou yo aprann li ak ekri. GARR deja fè demach pou akonpaye yo nan sans sa a, yon fason pou nan koumansman lane 2011 la, yo ka jwenn satisfaksyon.Li sèten gen anpil ki rete pou fèt pou deplase yo jwenn tout ekilib yo ansanm ak yon anvi viv. Apre pratikman yon lane, dwa lojman plizyè santèn milye fanmi deplase pa respekte e yo pa byen konnen ni konprann ki sa otorite yo gen lide fè pou chanje sò yo. Kè yo sou biskèt tou akoz epidemi kolera a, etan done jan yo rete pil sou pil nan kan yo ki chaje ak salte. Antouka, deplase yo pa vle desizyon ap pran anlè pou yo, san yo pa bay dizon yo, jan Kolektif Pwopriyetè Viktim 12 janvye a mande sa nan yon nòt li fè sòti nan dat 17 desanm 2010. Kolektif la ki rasanble plizyè kan nan Pòtoprens ankouraje otorite yo chita planifye ansanm avè yo tout demach yo anvizaje pou reloje deplase yo kòmsadwa. Li enpòtan pou otorite peyi a bay deplase yo bon jan asistans ekonomik, tankou pèmèt yo jwenn kredi pou f è komès, kreye lekòl pou pitit yo ka jwenn pen lenstriksyon, dapre sa yo mande.GARR pwofite okazyon an pou lanse yon rèl bay otorite yo ak sitwayen-sitwayèn konsekan pou selebrasyon 12 janvye 2011 k ap vini la a, tounen yon jounen Memwa kote n ap sonje plis pase 300 mil moun peyi a pèdi pandan n ap pran fòs pou, san chirepit, nou angaje peyi Dayiti tout bon vre sou wout chanjman ak respè dwa moun san paspouki. Pwogram siko emosyonel pou deplase yo te benefisye konkou Legliz Novejyèn (NCA).

No Comments

Post a Comment