Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / GARR  / Jenn moun ak granmoun deplase yo pran gou pou fòme tèt yo

Jenn moun ak granmoun deplase yo pran gou pou fòme tèt yo

Divès jèn ak granmoun ki soti nan kan deplase KID (Kriswa) ak lòt ti kan ozalantou deside bay tèt yo yon lòt oryantasyon depi apre 12 janvye 2010 la nan mache chèche pen lenstriksyon ak nouvo konesans. Jèn yo vin patisipe chak semenn nan yon kou enfòmatik Gwoup Medyaltènatif (GM) òganize nan kan yo pou ede jenn deplase yo fòme tèt yo nan zafè Entènèt ak nan sèvi ak òdinatè. Granmoun deplase yo menm, pwofite pwogram alfabetizasyon GARR (Gwoup k ap apiye Rapatriye ak Refijye yo) mete sou pye, pou yo ka aprann li ak ekri.Gwoup jèn yo vin aprann kijan yo ka sèvi ak Entènèt pou pwodui pwòp enfòmasyon pa yo. Yo sitou gade sa ki pozitif yo ka fè avèk gwo zouti sa a ki konekte anpil moun sou latè. Yo pwofite aprann Entènèt la, se pa sèlman kontante gade ak pran sa lòt peyi ap fè, men se fè sèvo yo travay tou pou montre lemond antye bon bagay sou Ayiti. GM te koumanse pwogram enfòmatik sa a ak jenn nan kan yo depi mwa jen 2010 ak konkou UNESCO ki se Biwo Nasyonzini pou zafè Lasyans ak Lakilti. Se yon pwogram ki fèt pa gwoup pou timoun ak jèn k ap viv nan kan deplase yo e ki gen ant 11 pou rive 25 lane. Jou mèkredi 6 avril 2011 la, ekip kominikasyon GARR te mande youn nan jèn nan zòn Kriswa yo, ki sa seyans yo pote pou li ? Li te reponn konsa:« Pou mwen menm, depi m ap suiv kou enfòmatik sa a, mwen aprann anpil bagay tankou prepare yon CV, ekri lèt, kreye imel epi voye mesaj bay zanmi m, fanmi m. Mwen pa t konn fè sa yo avan m te vini suiv kou sa a. Mwen ta renmen pwogram nan kontinye yon mannyè pou n kapab konnen plis lojisyèl, kidonk plis bagay nan domèn enfòmatik ». Se deklarasyon Michel , youn nan patisipan yo.Kanta gwoup deplase ki pi majè yo, se ak anpil chalè yo franchi biwo GARR chak jou, soti lendi pou rive vandredi, pou y al nan kou alfabetizasyon. Pi fò moun ki nan kou alfa a se fanm ki gen anpil reskonsablite. Men li ra pou ta jwenn youn nan yo ki pa vini nan seyans yo. Men deklarasyon youn nan yo te fè : « Mwen pran twòp desepsyon chak fwa mwen rive nan yon biwo Leta oubyen prive, lè yo mande m ekri non m mwen pa kapab. Men kounye a m kontan paske m kapab ekri non m trè byen». Bò kote pa l, se menm kontantman an pou Rose Marie «Mwen renmen kou alfabetizasyon an anpil, paske se gras ak li ki fè m ka rive ekri non m jodi a». Youn nan 2 gason k ap patisipe nan klas alfa a, se manman l ki ankouraje l vin aprann li ak ekri depi klas alfa a kòmanse. «Mwen ta renmen pou pwogram nan kontinye pi lontan, yon fason pou n kapab konn plis bagay epi tou mwen ta renmen aprann yon metye pou m defann mwen». Se rèv Richardson jèn gason sa a ki nan trantèn yo konsa.Se ak konkou Sekretèri Deta Alfabetizasyon (SEA), seyans alfabetizasyon yo reyalize avèk yon metòd ki rele alfa fonksyonèl, kote monitè a aprann patisipan yo li, ekri ak reflechi sou divès sijè nan lavi chak jou yo. Metòd sa a sèvi ak mwayen odyovizyèl tankou videyo tou prepare sou leson yo. SEA te bay monitè yo fòmasyon pou sèvi ak metòd la epi li founi materyèl pou kou yo (yon televizyon ak kasèt videyo).Aktivite alfa a soti nan yon pwogram siko-emosyonèl GARR te mete sou pye ak 25 gwoup moun ki te viktim tranblemanntè 12 janvye a e ki ap viv nan kan Pòtoprens ak nan zòn fwontyè a. Avèk konkou NCA (Ed Legliz peyi Lanòvèj), GARR te mete kanpe aktivite sa a pou ede moun deplase yo pase kalkil ak emosyon tranblemanntè a te kite pou yo epi gade demen yo ak plis lespwa. Se moun yo menm ki te mande kou alfabetizasyon an ak lòt fòmasyon ankò nan moman pwogram siko-emosyonèl la t ap fèmen nan finisman ane 2010. Nan mwa avril 2011, gen 6 gwoup alfabetizasyon k ap fonksyone: 2 nan zòn Kriswa, youn nan Delma ak 3 lòt nan zòn fwontyè a. Chak gwoup gen anviwon 20 moun ladan. Monitè kou alfa yo se jenn fi ak jenn gason k ap viv nan kan yo e ki te patisipe nan lòt aktivite GARR te mennen. Patisipasyon jèn sa yo nan kou alfa a, se yon fòm solidarite ak lòt moun ki pa konn ni li ni ekri, yon fason pou ede yo reprann konfyans nan tèt yo.

No Comments

Post a Comment