Rezo Fwontalye Jano Siksè pou Pwomosyon ak Defans Dwa Moun (RFJS) inogire divès Biwo sou fwontyè a: yon pa anplis pou Rezo a vin granmoun tèt li
Nan lide pou ranfòse kapasite l pou fè pwomosyon dwa moun epi lite kont trafik ak trèt moun (komès moun) k ap fèt sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn, Rezo Fwontalye Jano Siksè pou Pwomosyon ak Defans Dwa Moun (RFJS) koumanse inogire, depi 18 me 2008, divès biwo sou tout liy fwontyè a, tankou: Laskawobas nan Plato Santral, Tèfwad nan Lwès ak Ansapit nan Sidès. Biwo sa yo pote non biwo Kòdinasyon Zonal (KZ). 3 Biwo KZ sa yo plis yon katriyèm Biwo nan Nòdès ki gen pou inogire nan mwa jen 2008, regwoupe anndan yo 22 komite dwa moun sou bò Ayiti, k ap obsève chak jou, sitiyasyon dwa moun sou fwontyè a. Biwo tou nèf sa yo, gen òdinatè ak enstalasyon entènèt, pano solè pou elektrisite, epi lòt materyèl yon biwo bezwen pou l fonksyone. Grasa koneksyon entènèt la, manm komite dwa moun ki nan Rezo a, ap kapab pataje enfòmasyon pi vit, sou ka vyolasyon dwa moun yo wè k ap pase sou liy fwontyè a.Seremoni inogirasyon sa yo nan Laskawobas, Tèfwad ak Ansapit, se te yon okazyon pou reprezantan Rezo Fwontalye Jano Siksè yo rankontre ak divès kalte sitwayen tankou otorite sou fwontyè a, majistra kominal, responsab lajistis, manm KASEK, ASEK, delege vil, pwofesè lekòl, pastè, ougan…. Rezo a, nan sikonstans lan, te pwofite fè otorite yo ak lòt manm nan popilasyon an sonje prensipal misyon l, ki se fè pwomosyon ak defans dwa moun, goumen pou zafè trafik ak trèt moun (komès moun) k ap fèt toupatou nan zòn fwontyè a kaba, epi lite pou yon sosyete kote fanm ak gason gen menm dwa. Sou 2 bò zile a, Rezo a gen 3 nivo nan chapant li: Komite Dwa Moun, Kòdinasyon zonal ak nasyonal Nan Laskawobas, responsab Kòdinasyon zonal la, Emmanuel Mervil, te prezante rapò Kòdinasyon an sou sitiyasyon dwa moun nan zòn Ba Plato. Bò kote pa l, Sekretè jeneral Kòdinasyon nasyonal Rezo a, Vilnor Dormévil, te pale sou plizyè ka vyolasyon dwa moun gravman grav, ki anrejistre sou fwontyè peyi Dayiti ak Repiblik Dominikèn sòti mwa janvye pou rive mwa me 2008. Yon lòt pa, yon reprezantan biwo GARR nan Pòtoprens, Roudy Dévil, te li yon rezime rapò GARR pou lane 2007 la, sou sitiyasyon migran ak migrant ayisyen nan lòt peyi ak nan Repiblik Dominikèn. Nan Tèfwad, manm nan popilasyon an te vizite Biwo Kòdinasyon an pandan tout jounen inogirasyon an, kote yo te resevwa enfòmasyon sou travay Rezo a. Nan Ansapit, Georges Joseph, ki se Kòdonatè Nasyonal Rezo Jano Siksè, te fè yon rale sou listwa Rezo a, ki te monte nan lane 2001 grasa devouman divès moun ak òganizasyon sou 2 bò zile a k ap lite pou lòt kalite rapò ant pèp aysisyen ak dominiken ki se 2 pèp vwazen. Detanzantan, Rezo a òganize divès seyans fòmasyon espesyalman sou dwa moun, migrasyon, dwa fanm, epi tou rankont binasyonal kote monitè-monitris ayisyen kou dominiken twoke enfòmasyon epi pran desizyon ansanm sou lavni Rezo a. Gen 3 òganizasyon sou zile a, k ap kore travay Rezo Fwontalye Jano Siksè pou li vanse sou chimen pou l vin granmoun tèt li. Se GARR pou Ayiti; Sèvis Jezuit pou Refijye ak Migran ak Plataforma Vida, nan Repiblik Dominikèn.
No Comments