Alienum phaedrum torquatos nec eu, vis detraxit periculis ex, nihil expetendis in mei. Mei an pericula euripidis, hinc partem.

Blog

GARR / Kontni nan Kreyol  / Tit  / Òganizasyon Patnè yo  / Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) an dèy

Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) an dèy

Se ak anpil lapèn ak tristès Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) ap anonse nouvèl lanmò, Rondeau Christophe, yon manm Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS). Rondau mouri etan li t ap travèse Rivyè Riyòl nan lokalite Lakolin, Komin Laskawobas, jou vandredi 10 Oktòb la vè 8 è nan aswè.Rondau se papa 9 pitit, Li se manm fondatè Komite Dwa Moun nan Laskawobas.Nan Sikonstans sa a, GARR prezante kondoleyans li bay fanmi Rondau, komite dwa moun Laskawobas ak tout manm RFJS yo.Antèman Rondau ap fèt nan Laskawobas Mèkredi 15 oktòb 2008, nan maten.

No Comments

Post a Comment