Otorite ak òganizasyon dwa moun yo ap chache mete ola nan hing-hang k ap devlope sou fwontyè Ansapit/Pedènal
Apre divès zak vyolans ki souke fwontyè Sidès la, espesyalman nan zòn Ansapit/Pedènal, otorite yo deside fè yon chita pale apremidi 27 me 2009 la ak òganizasyon dwa moun nan zòn nan pou chache solisyon. Se sa GARR aprann bò kote Komite Dwa Moun Ansapit ki se manm Rezo Fwontalye Jano Siksè.26 me 2009, nan apremidi, tansyon an te wo anpil, wòch t ap voye sou 2 bò fwontyè a. Nan aswè, yon Dominiken ki te janbe Ansapit pou li vin wè menaj li, te resevwa kout baton nan men kèk Ayisyen, dapre sa GARR aprann bò kote Komite Dwa Moun Ansapit. Se grasa entèvansyon otorite lokal yo, espesyalman majistra a, Benjamin Permission, ki fè sitiyasyon an pa t vin pi grav.23 me, bò setè nan aswè, yon jenn Ayisyen 18 lane, Pimpo Ossé, moun Platon Sèd nan komin Ansapit, te sibi atak nan men bandi nan Pedènal ki te vòlè tout lajan ki te sou li epi blese l grav. Majistra Ansapit la te fè demach pou viktim nan te rejanbe fwontyè a pou al pran swen nan Lopital Pedènal, men sa pa t mache. Lè sa a, yo te blije pran kannòt a motè ak jenn gason sa a pou mennen l nan lopital Senmichèl nan Jakmèl kote l ap resevwa swen kounye a. Viktim nan gen gwo difikilte pou l pale e li pran gwo chòk nan tèt, se sa yon reprezantan GARR konstate apremidi 27 me a, nan Jakmèl, kote manman viktim nan ki avè l nan lopital la, deklare bandi yo te lage pitit li pou mò. Yon lòt zak ki pase nan fwontyè Ansapit / Pedènal, se nan dat 16 me 2009 kote yon militè dominiken sou fwontyè a, te sezi machin yon chofè ayisyen, Deniza Deriz, ki t ap pran sab nan rivyè Pedènal. Apresa, chofè sa a te sezi kle machin yon Dominiken ki t ap transpòte pèpè nan vil Anspit e li te mete machin nan al kanpe devan komisarya a. 2 jou apre, nan aswè, Dominiken te sezi kle machin vis-delege Sidès la, Izidò Fednèl, ki te janbe Pedènal.Fasa tout move zak sa yo ki ap ogmante tansyon sou zòn fwontyè a, chak jou pi plis, otorite ak òganizasyon dwa moun nan Ansapit ap gade ansanm, ki jan yo ka mete yon ola epi fè Ayisyen ak Dominiken reprann rapò bon vwazinaj yo te toujou genyen depi lontan nan respè youn pou lòt. Plizyè evenman ki pase nan divès lòt pwen sou fwontyè a tankou nan Malpas/Jimani, Wanament/Dajabon, Ti Lori/Restauracion, montre nesesite pou otorite yo kreye espas dyalòg konsekan pou prevni konfli, tabli regleman sou yon seri echanj k ap fèt ant 2 peyi yo, yon fason pou se pa chak grenn moun k ap deside an gwo ponyèt sa li vle ki pou fèt sou fwontyè a. .
No Comments