Let tou louvri pou otorite Leta ayisyen yo konsènan kanpay lahèn k ap fèt sou ayisyen ak sou Ayiti an Repiblik Dominikèn
21 oktòb 2009{{Prezidan René Préval,Premyè Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis,}}Devan kanpay piman bouk ki rekoumanse san gade dèyè an Repiblik Dominikèn kont ayisyen k ap viv nan peyi sa a, noumenm oganizasyon ki siyen nòt sa a, nou vin mande nou, noumenm ki se Chèf Deta ak Chèf Gouvènman, pou pran tout dispozisyon pou evite gen nouvo atak ki fèt sou migran ayisyen yo ankò, jan sa konn rive fèt plizyè fwa deja. N ap raple, se toujou apre kalite kanpay sa yo, yon seri ensidan malere abitye deklannche sou ayisyen yo tankou asasina sovaj, mete dife ak rapatriman masif.Kòm reprezantan Leta ayisyen, nou gen reskonsablite pou mande otorite dominikèn yo poukisa yo pèmèt yon seri moun, pami yo gwo fonksyonè leta, kapab di sa yo vle sou yon pèp ak sou yon peyi ki se vwazen yo e ki pa nan konfli ak yo. Poukisa yon seri moun jwenn fasilite konsa pou sèvi ak medya, pou alimante yon kanpay lahèn kont imigran ayisyen yo ki poutan pote gwo kontribisyon nan fè Repiblik Dominikèn tounen sa li ye jounen jodi a. Menm si gen ayisyen ki al chache lavi an Repiblik Dominikèn paske gen difikilte an Ayiti, menm si Ayiti ap viv jounen jodi a yon move pas, se pa yon rezon pou noumenm otorite, nou fèmen je nou pou aksepte yo di nenpòt ki bagay sou peyi a oswa sou pèp ayisyen an, san nou pa reyaji. Nan sans sa a, n ap mande nou ki wòl anbasadè ayisyen an Repiblik Dominikèn nan ap jwe ? Pou kilès l ap travay ? Ki moun ki reprezante Ayiti vre nan peyi sa a e k ap defann diyite li ?{Mesye dam otorite ayisyèn yo,}Nou atire atansyon nou sou kanpay sa a k ap devlope nan jou sa yo an Repiblik Dominikèn kont ayisyen ak kont Ayiti, yon fason pou evite gen zak vyolans fèt epi nou pa di se zak izole.Konvansyon Entènasyonal pou elimine tout fòm diskriminasyon rasyal nan Atik 4 ansanm ak Pak Entènasyonal sou dwa sivil ak politik nan atik 20-2 kondane tout fòm kanpay lahèn sa yo ki atake diyite migran yo ak Ayisyen yo. Ayiti ak Repiblik Dominikèn siyen epi ratifye 2 gwo akò entenasyonal sa yo kote yo angaje yo pou pran tout dispozisyon pou pa kite aksyon rasis devlope lakay yo kont okenn gwoup moun. Nan atik 4-a li, Konvansyon Entènasyonal pou elimine tout fòm diskriminasyon rasyal la konsidere tout difizyon lide ki chita sou siperyorite oubyen lahèn rasyal, tout zak ki pouse oubyen pwovoke moun fè diskriminasyon rasyal ak zak vyolans sou yon ras oswa sou yon gwoup moun ki gen koulè diferan oswa ki sòti nan lòt etni tankou yon move zak lalwa dwe pini. Lalwa dwe pini tou tout aksyon pou apiye aktivite rasis ak finansman yo.Bò kote pa l, Pak Entènasyonal sou dwa sivil ak politik la deklare nan atik 20-2 li: “Lalwa entèdi tout deklarasyon ki ankouraje lahèn nasyonal, rasyal oswa relijye ki ka tounen diskriminasyon, hing-hang oswa vyolans. Lè Leta yo ki siyen Konvansyon sa yo pa poze okenn aksyon kont zak diskriminasyon sa yo, oswa lè yo patisipe nan yo, yo reskonsab tout vyolasyon dwa moun ki fèt nan kad sa a.Laprès ayisyèn deja pibliye plizyè lis atik piman bouk ki soti kont ayisyen ak kont Ayiti an Repiblik Dominikèn nan jou sa yo. Nan yon kominike li fè soti nan Santo Domingo, biwo Sèvis Jezuit pou Refijye ak Migran envite medya yo reflechi sou gwo konsekans atik y ap pibliye yo ka pote. Li mande popilasyon dominikèn nan pou li louvri je l devan kanpay sal sa a k ap fèt paske sa rantre tou “nan yon plan pou devye atansyon dominiken yo sou gwo pwoblèm sosyal ak politik k ap travèse peyi aâ€. (Sous : El Nuevodiario, 8/10/2009). Fasa sitiyasyon k ap devlope la a, men sa nou mande nou kòm otorite peyi dAyiti:1. Sòti nan silans nou, fè yon deklarasyon piblik sou tout atak k ap fèt nan laprès chak jou kont Ayisyen/Ayisyèn k ap viv nan Repiblik Dominikèn yo ak sou tout mezi bout di otorite dominikèn yo anonse epi ki ka pote move konsekans sou rapò bon vwazyinaj ki abitye egziste ant Ayisyen ak Dominiken k ap viv nan divès lokalite sou fwontyè a; 2. Nonmen an Repiblik Dominikèn yon anbasadè ki ka defann diyite peyi a ak enterè li;3. Bay Konsila ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn mwayen ki nesesè pou yo ka akonpaye migran/migrant ki an difikilte yo;4. Redinamize Komisyon Miks la ki se yon espas enpòtan kote 2 Leta yo ka diskite epi pran desizyon sou yon seri kesyon enpòtan ki konsène popilasyon k ap viv sou zile a, san se pa nan joure ak nan avilisman pou sa fèt. Nou espere, kòm otorite Leta, n ap pran an konsiderasyon enkyetid nou ak apèl sa a nou lanse ba nou, pou anpeche zak vyolans rekoumanse sou ayisyen k ap viv an Repiblik Dominikèn.Prezidan, Premyè Minis, si anyen pa fèt pou fini ak sitiyasyon sa, listwa ap konsidere Leta ayisyen ak Leta dominiken ansanm reskonsab tout zak vyolans, atak sou dwa moun ki fèt sou migran ayisyen yo akòz kanpay sa a. Nou salye nou.{{Men òganizasyon ki siyen : 1. Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR)2. Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH)3. Platfòm Ã’ganizasyon Ayisyèn pou Defans Dwa Moun (POHDH)4. Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen5. Platfòm Ayisyen k ap fè Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA)
Pou Otantifikasyon :}}Serge LamothePrezidan Konsèy Administrasyon GARRKopi konfòm : M. Ruben Sille, anbasadè dominiken an Ayiti.
No Comments