
Kolektif òganizasyon k ap defann Dwa Lojman mande Ministè Afè sosyal pran responsabilite l nan zafè lojman nan peyi Dayiti
Pòtoprens lendi 3 oktòb 2011
Mesye Gerald Germain Minis Afè Sosyal Nan biwo l
Rezon lèt la : Revandikasyon ak rekòmandasyon Kolektif la nan okazyon Jounen Mondyal Lojman
Mesye minis,
Kolektif Òganizasyon k ap Defann Dwa Lojman, salye w avèk yon santiman patriyotik. Nan okazyon jounen mondyal abita ak mobilizasyon kont tout fòm ekspilsyon ki tonbe chak premye lendi Oktòb, Kolektif la vin pale ak ou sou sitiyasyon moun nan kan yo epi mete devan w yon seri rekòmandasyon pou Leta ayisyen koumanse pran an men pwoblèm lojman an ki afekte lavi anpil moun nan popilasyon an.
Mesye Minis, jan ou konnen sa deja, kesyon lojman an, se yon gwo pwoblèm nan tout peyi a. Depi anvan tranbleman tè a, anpil moun te mal loje, anpil moun t ap dòmi sou galri oswa pa relèv. Men tranbleman tè 12 janvye 2010 la vin mete abse sou klou, espesyalman pou zòn kapital la kote plis pase yon tyè nan popilasyon an ap viv. Malerezman, ni anvan katastwòf la, ni apre, nou pa santi dosye lojman an se yon bagay Ministè Afè Sosyal bay enpòtans.
12 oktòb 2011 pral fè 21 mwa depi anpil nan viktim tranbleman tè a ap viv anba tant. Alòske, jiska prezan, Leta poko pran okenn dispozisyon pou ede moun sa yo jwenn yon kote ki diy pou yo rete, nou wè depi kèk tan, se degèpisman gwo ponyèt k ap fèt sou yo. Gen plis pase 40 mil, pami moun sa yo, ki deja viktim ekspilsyon fòse, e gen anpil kan ki anba menas degèpisman kit se nan espas piblik oswa prive yo tabli.
Ka ki pi grav la te rive nan komin Dèlma nan mwa me 2011, kote majistra Wilson Jeudy, lapolis ak ajan meri Dèlma te aji tankou bandi nan chire tant epi kraze tout sa moun yo te posede, alòske, majistra a se premye otorite ki responsab pou pwoteje sitwayen ak sitwayèn yo nan komin l ap dirije a. Alèkile, yo vle fè viktim tranbleman tè yo pase pou kriminèl, yo lage sou do yo move zak ki fèt nan kapital la e sa sèvi kòm pretèks pou mete dife nan tant yo, detwi zafè moun yo, fè yo kouri. Depi ane pase, Komisyon Entèamerikèn Dwa Moun te pran yon rezolisyon pou mande Leta frennen move ajisman sa yo k ap fèt sou yon popilasyon ki viktim yon gwo katastwòf. Men nou remake, Leta pa fè anyen. Okontrè, zak degèpisman yo kontinye pi rèd plizyè kote e depi mwa jen 2011 la, yo ogmante anpil. Yon lòt fwa ankò, Kolektif la denonse tout move zak sa yo k ap fèt sou viktim tranbleman tè a. Kòm reskonsab Afè Sosyal nan peyi a, nou mande w pou pran tout dispozisyon nesesè pou fè zak sa yo sispann.
Mesye minis, gen yon kote pou rete, se yon dwa fondamantal tout moun genyen. Se yon dwa atik 22 Konstitisyon ayisyèn nan rekonèt ansanm ak plizyè Konvansyon entènasyonal Ayiti siyen, tankou Konvansyon sou dwa timoun. Kay se yon eleman enpòtan nan lavi yon fanmi, yon sosyete, paske se la timoun yo grandi, se la fanmi yo repwodui. Se yon devwa pou Ministè w ap dirije a pran dosye sa a an men paske se reskonsablite li.
Malerezman, Mesye Minis, nou konstate prèske 2 lane apre katastwòf la, se ONG ki pran plas Leta nan peyi a nan zafè sa a. ONG yo kontinye konstwi yon seri ti kay yo rele abri pwovizwa, men popilasyon an rele yo kalòj pijon, san Leta pa ba yo okenn oryantasyon. Pandanstan, Leta poko janm anonse Nasyon an okenn plan li genyen pou zafè lojman nan peyi Dayiti, ni pou reloje anviwon 600 mil moun ki kontinye ap viv anba moso prela, nan kondisyon ki pa respekte diyite moun.
Nou kwè li lè, li tan pou Ministè Afè Sosyal fè kesyon lojman nan peyi a tounen yon priyorite pou li. Lè li va fè sa, Leta va koumanse aplike atik 22 konstitisyon 1987 la ki di “Leta rekonèt dwa tout moun genyen pou yo jwenn bon jan kay pou yo rete”.
Se poutèt sa, Mesye Minis, nan okazyon jounen Mondyal abita a, nou mande Ministè Afè Sosyal :
1. Pran tout dispozisyon pou fè aplike rekòmandasyon Komisyon Entè Ameriken Dwa Moun te pran kote li mande Leta Ayisyen egzije tout moun kanpe sou ekspilsyon fòse k ap fèt sou moun nan kan yo.
2. Pran lidèchip demach pou peyi a gen yon plan nasyonal lojman, yon fason pou koumanse gen yon amelyorasyon nan espas kote moun rete an Ayiti. Plan sa a dwe pran an konsiderasyon, ni vil yo, ni milye riral la ; li dwe di ki kote pou kay bati, ki kote pou fè agrilkiti, e li dwe pran an konsiderasyon kesyon zafè desantralizasyon an.
3. Prepare prese prese pwojè lojman sosyal pou viktim 12 janvye 2010 yo, pou ede yo jwenn yon kote ki diy pou yo rete.
4. Mande gouvènman an ak Palman an pou kreye yon fon pou lojman nan peyi a, epi mete sa nan bidjè nasyonal la.
5. Pran tout dispozisyon pou remanbre EPPLS (Antrepiz Piblik pou Pwomosyon Lojman Sosyal). Jounen jodi a, peyi a bezwen yon enstitisyon ki fò, ki gen mwayen nan men l pou konstwi kay bon mache pou moun rete. Nou mande pou Leta Ayisyen bay EPPLS mwayen ak pouvwa pou l ka jwe wòl li kòmsadwa nan kesyon rekonstriksyon an. Sa vle di, pou EPPLS gen yon pwogram lojman sosyal ak mwayen lajan pou egzekite pwogram lan, yon fason pou anpeche kesyon kay la vin tounen yon biznis prive nan men grannèg.
Mesye minis, menm si ou nan yon gouvènman demisyonè, men se ou ki gen mayèt la nan men w. Nou espere tout lide sa yo, tout revandikasyon sa yo ki nan lèt sa a, w ap pran yo akè e w ap transmèt yo akidedwa pou dwa lojman an tounen yon reyalite nan peyi a.
Pou Kolektif la
Sanon Reyneld
FRAKKA
No Comments