
KONBAT VYOLANS SOU FANM SE RESPONSABILITE TOUT MOUN
Sitiyasyon vyolans sou fanm nan peyi Dayiti
Lè nou gade reyalite a, nou wè menm si Leta ayisyen siyen epi ratifye kèk Konvansyon entènasyonal ki pale sou pwoteksyon fanm yo, gwo akò sa yo rete sou papye, yo pa aplike. Akòz iresponsabilite Leta a, fanm yo gen anpil masuife toujou y ap monte pou jwisans dwa yo tounen yon reyalite. Se tout ansanm konsekans sa yo ki fè fanm yo ap viktim vyolans ak diskriminasyon chak jou pi plis sou tout fòm nan sosyete a. Keseswa nan gouvènman an, nan Palman an, nan Lajistis, anndan pati politik yo, andedan òganizasyon yo, anndan lekòl, anndan legliz, anndan enstitisyon piblik ak prive, anndan kominote yo, se chak jou nou konstate fanm yo anba diskriminasyon ak vyolans sou tout fòm.
Konbat vyolans sou fanm yo se responsabilite tout moun
GARR rete kwè chak sektè nan sosyete a gen wòl pa yo pou yo jwe nan konbat vyolans sou fanm.
Sektè lajistis la dwe fè priz anchaj jidisyè viktim yo san paspouki. Dapre atik 10 Kod Enstriksyon Kriminèl la, se lapolis jidisyè ki gen atribisyon pou konnen ak pousuiv otè zak vyolans yo, soti nan komisè gouvènman ki se chèf pousuit la, pase nan jij denstriksyon ak jij depè a pou rive nan lapolis. Konvansyon Belem Do Para Ayiti ratifye mande tou pou sektè lajistis la ede nan konbat vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi.
Sektè medikal la dwe fè priz anchaj medikal pou viktim yo, answit oryante yo nan sant pou yo jwenn api sikolojik. Li gen pou ede viktim yo jwenn yon sètifika medikal ki kapab pèmèt yo fè suivi devan Lajistis.
Sektè oganizasyon anndan soyete a dwe kontinye fè pledwaye pou denonse vyolans sou fanm sou tout fòm nan sosyete a ; fè priz anchaj sosyal pou fanm ki viktim yo ; ankouraje nan tout zòn ki pa gen prezans òganizasyon fanm pou yo vin genyen ; pou fanm yo vin gen plis konesans sou dwa yo. Konsa y ap kapab denonse pi byen tout fòm vyolans y ap sibi.
Chak moun nan peyi a, fanm kou gason, pa dwe rete bèbè ni banalize vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi si nou vle bati yon pi bon peyi kote dwa moun respekte. Vyolans k ap fèt sou fanm, se yon pwoblèm dwa moun e li konsène nou tout nan fanmi, nan lari, nan lekòl, nan mache, nan legliz, toupatou.
« KONBAT VYOLANS SOU FANM SE RESPONSABILITE TOUT MOUN »
Pou Ekip Janr nan GARR
Sanièce Petiphat
25 novanm 2011
No Comments