Ayiti: katastwòf 12 janvye 2010, 4 lane aprè, anyen pa chanje pou majorite pèp ayisyen an nan zafè lojman.
Sosyete ayisyèn nan kontinye ap viv nan yon sitiyasyon enfènal depi pasaj tranblemann tè 12 janvye 2010 la. Nou sonje se nan yon ti pousyè segonn, plis pase 300 mil moun te pèdi lavi yo e plis pase 250 mil lòt vin andikape. Plizyè santèn milye timoun, adolesan ak jèn ki pèdi manman ak papa...