Deklarasyon piblik Konsil Jeneral Ayisyen nan Miami an se pòtre krache atitid iresponsab otorite ayisyen anvè resòtisan peyi a

Pòtoprens, jedi 20 dawout 2026.- Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye yo (GARR) sezi wè fason Konsil Jeneral Ayisyen an nan Miami, Yverick Delerme Cyril, abòde kesyon menas depòtasyon ki peze sou tèt plis pase 300 000 resòtisan ayisyen, aprè peyi Etazini te deside mete bout nan pwogram TPS la pou aysiyen nan dat 27 jiyè 2026 la. Nan yon entèvyou Konsil Jeneral la bay nan mikwo jounalis Luckson-Sainvil nan dat 7 dawout pase a, jounalis la te oze mande li nan ki nivo gouvènman an ap prepare pou resevwa konpatriyòt ayisyen yo, repons diplomat la kite nou san vwa. Yverick Delerme Cyril, ak yon nivo alèz ki pa òdinè, pa te mete dlo nan bouch li pou montre nan ki nivo sitiyasyon sa pa reprezante yon preyokipasyon pou li. Konsil jeneral la deklare chak fwa li tande kesyon sa li pa konprann li. Li poze tèt li kesyon pou li di : « Kijan yon moun, Ayiti se lakay ou, pou m ap fè preparasyon pou w antre lakay ou ? »

Men kijan yon diplomat, yon moun ki plase pou defann enterè Ayiti ak resòtisan peyi a nan Etazini deside abòde yon sitiyasyon ki riske debouche sou vyolasyon dwa migran ayisyen, yon sitiyasyon ki ka pwovoke imilyasyon ak endiyasyon pou ayisyen sa yo ki nan difikilte. Deklarasyon piblik sa montre Konsil Jeneral la ap pale sou yon dosye li pa metrize epi anplis sa li afiche yon nivo mepri pou yon sitiyasyon ki ta dwe entèpele li. Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) denonse mòd atitid iresponsab sa yo ki pa mete resòtisan ayisyen yo an konfyans pa rapò ak sèvis konsilè yo ki dwe la pou yo lè yo nan pwoblèm.

GARR vle raple pou Konsil Yverick Delerme Cyril, ayisyen ki gen menas depòtasyon sou yo se pa lakay yo y ap vini tankou se yon bagay yo deside epi prepare an konsekans, men se ekspilsyon fòse, kote yo pa prepare pou sa, yo pa pote anyen nan kad retou sila. Konsil la sanble pa okouran nan moman y ap kouri dèyè migran yo, nan moman yo nan detansyon, entegrite fizik anpil ladan yo menase. Anpil nan yo wè rèv yo pati tankou lafimen, lyen yo te gentan fè nan kominote yo brize, anpil ap viv separasyon familyal, anplis sa y ap retounen yo nan yon peyi devaste, ki plonje byen fon nan kriz, kote Leta konsil la reprezante a fè bèk atè nan asire byennèt ayisyen.

Konsil Jeneral la sanble pa okouran nonplis si ayisyen k ap travay di nan dyaspora, k ap soutni fanmi yo Ayiti, k ap kontribye nan Fon Nasyonal pou Edikasyon(FNE),  se sa ki kenbe ti ekonomi nou gen la, kote kontribisyon atravè transfè yo se pratikman 20% PIB peyi a. Kijan yon otorite ki responsab kapab fèmen je li sou aspè sila epi konprann dosye depòtasyon an p ap nan avantaj resòtisan ayisyen sa yo, sa p ap nan avantaj peyi a nonplis, sitou nou pa pare pou nou resevwa moun yo kòmsadwa nan kesyon asistans imanitè an ijans, nou pa menm bezwen pale pou aspè ki lye ak entegrasyon sosyal ak ekonomik moun yo depòte yo paske sa pa egziste. Sa tris pou yon otorite ki plase pou ede ayisyen aletranje ki nan difikilte afiche nivo mepri sa.

GARR ap enfòme Konsil jeneral Ayiti a nan Miami, mesye Yverick Delerme Cyril, se chak mwa Repiblik Dominikèn voye sou fontyè a plis pase 20 000 Ayisyen nan kondisyon vilnerab ak endiy. Pou sèlman premye semès ane 2026 la se plis pase 140 000 Ayisyen peyi vwazen voye tounen nan kondisyon deplorab. Nou konstate pa gen okenn mezi gouvènman mete kanpe pou asiste migran sa yo kòmsadwa.

Yon lòt fwa ankò, GARR denonse deklarasyon iresponsab Konsil Jeneral Ayisyen nan Miami an ki ale nan sans kontrè sa gwoup òganize nan dyaspora k ap defann migran ayisyen, k ap fè petisyon, ki kanpe bò kote kominote migran ayisyen yo yo toujou ap defann nan dosye TPS la : KONDISYON YO PA REYINI AYITI POU RESEVWA VOLIM DEPOTASYON KI ANONSE YO. Deklarasyon sa plis aliyen sou pozisyon otorite ameriken yo ki toujou vle minimize sitiyasyon kritik peyi a pou yo te koupe TPS la epi panse yo ka depòte plis pase 300 000 ayisyen tounen.

Konsil jeneral la avanse pou li di gen 12 milyon moun nan peyi a k ap viv, ak entansyon pou li pwouve sitiyasyon nan peyi a pa grav pase sa. Nou konprann Konsil la ap viv nan yon sèten konfò, menmjan ak otorite Leta yo an jeneral, men nou ta renmen mande mesye Yverick Delerme Cyril, kisa li rele viv nan yon peyi ki malad nan tout kò li, k ap travèse gwo kriz ekonomik, politik ak ensekirite jeneralize. Jounen jodi a, anndan peyi a se masak pasi pala, se 1.5 milyon gang pouse kite kay yo, se gwo kout zam k ap chante, wout yo anba kontwòl gwoup ame.

Wi ayisyen pa dwe pè retounen lakay yo. Okontrè peyi a bezwen pitit li ki deyò, yo kontribisyon pa yo pou yo pote, men se pa vini minote tankou kriminèl, san anyen nan yon peyi ki pare non sèlman pou fè prizanchaj imedya yo, men tou mete estrikti anplas pou ede yo pote kontribisyon yo nan kominote yo. Pozisyon GARR pa chanje : Ayiti pa prè pou resevwa kantite migran sa yo ki te sou pwogram TPS la paske sitiyasyon ki te pouse yo pati a toujou menm.

Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye (GARR) yo mande Konsil jeneral ayisyen nan Miami an ravize pozisyon li, deklarasyon sa yo pa diy pou pozisyon sèvitè li okipe a. Se chak jou ayisyen ki aletranje ap plenyen pou dekoneksyon ki genyen ant reprezantasyon diplomatik yo ak resòtisan ayisyen ki nan difikilte. Sa valab pou prèske tout pòl migratwa ki gen ayisyen yo. Modèl deklarasyon sa yo pa enspire yo ditou konfyans. GARR mande Leta atravè Ministè Afè Etranjè asime responsablite yo nan dosye sa, se pa nòmal pou Leta ap trete ayisyen ak tout nivo mepri sa. Se lajan pèp la k ap peye otorite yo, sa pa ka tounen frèt pou yo.

-FEN-

 

Kominike sa disponib an PDF nan lyen sa: https://drive.google.com/file/d/1BfNKLWuIRQGlZaKskTS4oYAwrq7ou97c/view?usp=sharing

Partager cet article

Facebook
Twitter
LinkedIn

Plus d'articles