KONFERANS POU LAPRES
Deklarasyon Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo nan okazyon Jounen Entènasyonal Migran 18 desanm k ap vini la
Kontèks
Se ak yon santiman ensatisfaksyon epi endiyasyon Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) ap drese jodi a tablo sitiyasyon migratwa 2025 lan, nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Migran 18 desanm k ap vini la. Nou jennen paske chak ane, nou konstate kondisyon lavi pèp ayisyen an ap degrade, dwa fondamantal yo pase anba pye. Ane vini, ane ale, popilasyon an kontinye ap monte maswife.
Jounen jodi a, daprè done Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) rann piblik, Ayiti gen 1.4 milyon deplase entèn k ap viv nan kan pou divès rezon tankou ensekirite, deblozay, move tan. Sou plan sosyal ak ekonomik, Ayiti ap viv yon kawo. Fenomèn gang toupatou k ap simaye vyolans se yon lòt giyon ki tonbe sou pèp la. Anplis vyolans fizik ak sikolojik laterè gang yo pote, yo afekte anpil posiblite pou popilasyon an viv byen, pou yo manje, pou yo deplase soti nan yon pwen pou ale nan yon lòt san kontrent. Timoun pa ka ale lekòl, paran dekapitalize, tout sa yo se eleman ki pwouve kijan sitiyasyon Ayiti pou ane 2025 lan malouk anpil. Selon Kòdinasyon Nasyonal pou Sekirite Alimantè (CNSA), jodi a peyi a gen plizyè milyon moun k ap viv nan ensekirite alimantè.
Bò kote Leta, GARR konstate pa gen okenn angajman reyèl pou chanje sitiyasyon sa a, pou amelyore lavi pèp la, kreye bon kondisyon pou yo jwi dwa fondamantal yo kòmsadwa.
Si ayisyen ki Ayiti ap fè fas ak tout vye kondisyon sa yo – se dayè pou sa anpil nan yo pati, janbe fontyè, riske lavi yo sou lanmè nan ti bato – ebyen sila yo ki aletranje, nan peyi tankou Etazini, Repiblik Dominikèn, Brezil, Chili ak Meksik ap konfwonte anpil sitiyasyon konplike.
Sitiyasyon migran ayisyen nan lemonn
Ozetazini, daprè done American Community Survey (ACS) pibliye an 2023, popilasyon imigran ayisyen laba a se 731 000, plis pase yon demi milyon. Pou ane 2025 lan, ayisyen nan Etazini pase gwo moman enkyetid, soti nan kanpay elektoral 2024 la ki te vyolan anpil pou ayisyen ki sibi anpil pawòl denigreman, pawòl rasis. Tankou sa pa te sifi, Donald Trump jis monte, li koupe espwa anpil ayisyen ki te pati oubyen ki te nan pwogram Biden nan lè li revoke pwogram sila. 120 000 ayisyen te gentan antre Ozetazini nan kad pwogram sila a, men rapidman Donald Trump vin plonje moun sa yo nan iregilarite , alòske moun yo te rantre nan vwa nòmal, sou envitasyon Leta ameriken.
Nan menm ane a, tankou se yon fiksasyon Trump fè sou migran ayisyen, yo pran desizyon koupe pwogram pwoteksyon tanporè a ki te kouvri anpil resòtisan ayisyen. Dayè anpil moun ki te nan pwogram Biden nan te kouri aplike pou TPS pou yo pa te viktim operasyon depòtasyon yo, men se te byen konte mal kalkile nan ki pwen Donald Trump pa bay lalwa ameriken ak konvansyon sou azil yo regle anyen pou li.
Pèsekisyon administrasyon Trump lan kont migran ayisyen nan Etazini pouse anpil ladan yo pran chimen fontyè Kanada. Anpil tante travèse li nan move kondisyon. Se konsa, nan mwa dawout 2025 Otorite Kanadyen te dekouvri yon rezo trafikan ki t ap pwofite dezespwa migran sa yo. Yo te entèsepte yon kamyon ak plizyè dizèn ayisyen fèmen pil sou pil, nan move kondisyon sanitè ak ijyèn, yo te mal pou respire.
Nan peyi Meksik, prensipalman nan Tapachula, Chiapas ak Tijuana, kominote migran ayisyen an pa sispann ranfòse. Daprè COMAR ki okipe kesyon azil nan Meksik, an 2023 ayisyen pwodui plis pase 140 000 demann azil. Kondisyon lavi ayisyen nan Meksik pa wòz non plis, yo sibi pwofilaj rasyal, yo mal pou jwenn travay, gen yon gwo baryè lengwistik k ap trakase bil yo, aksè ak sèvis yo difisil.
Nan Chili, GARR vle atire atansyon lemonn an jeneral ak kominote migran ayisyen sou enpak chanjman rejim politik, ak nouvo prezidan ladwat Chili fenk eli a ka genyen sou politik migrasyon, kidonk popilasyon migran ayisyen an ka touche an 2026.
Pa rapò ak sitiyasyon nou evoke pou kominote migran ayisyen an toupatou, si gen yon kote GARR estime sitiyasyon an pi grav, se an Repiblik Dominikèn. Done estatik yo montre gen plis pase 500 000 migran ayisyen k ap viv nan peyi vwazen. Yo viktim tout kalte vyolasyon dwa yo nan tè Panyòl. Rasis epistemik, zenofobi, maltretans, diskriminasyon sou tout fòm, se tout sa yo ayisyen ap sibi nan peyi vwazen.
Depi oktòb 2024, dat Leta Dominiken te pran desizyon depòte anviwon 10 000 ayisyen chak semèn an Ayiti, GARR konstate vyolasyon dwa migran ayisyen yo miltipliye. Youn nan premye prèv ki montre konsekans sistèm migratwa vyolan an Repiblik Dominikèn se mitinri ki te pete an oktòb 2024 nan sant detansyon Haina paske yo te gonfle ayisyen pil sou pil ladan l, san manje, san dlo, san swen ijyèn, sa ki te debouche sou yon nivo represyon san bòn ki ta fè anpil viktim daprè kèk temwayaj, paske Leta Dominiken toufe sa ki pase a. Mezi sila yo, tout pandan ane 2025 lan, kreye gwo panik nan kominote ayisyen an. Anpil resòtisan ayisyen pè soti, yo riske lavi yo, soufri grangou, refize ale pran swen paske yo pè pou lavi yo nan kontèks vag pèskisyon sa a.
Nan menm moman sa yo, gwoup paramilitè ekstrèm dwat fonn kò yo ak migrasyon, y ap arete ayisyen, piye kay, bat yo, fè rakèt sou yo. Gwoup ekstrèm dwat yo ap foule beton an toutan, pwopaje diskou rayisman libelibè. Nan Bavaro, yo te pran lari an 2025, yo te fè menas aklè kont migran ayisyen, yo te menm vle ale nan konfwontasyon ak kominote ayisyen laba a.
GARR pa ka bliye non plis mezi diskrimatwa Leta Dominiken adopte an avril 2025 ak yon pwotokòl sanitè ki sible fanm migran ayisyen yo sistematikman. Nan papòt lopital yo, ajan migrasyon mete yo an anbiskad pou arete fanm ansent ayisyen, yo antre pran yo anndan lopital, rache ti bebe tou blanch nan bra manman yo, mete yo nan bis depòtasyon voye sou fontyè, san okenn konsiderasyon pou eta sante yo.
Soti 2024 rive 2025, politik migratwa brital la ak enpinite an Dominikani anvè ayisyen lakòz dwa anpil ayisyen vyole, anpil migran pèdi lavi yo nan sikonstans ki pa klè. GARR note kèk evènman trajik ki rive ayisyen an Repiblik Dominikèn nan peryòd la. Nou pa menm an mezi pale sou kantite lòt ka ki pase sou silans, sa ki pa pale oubyen yo toufe pou evite eskandal.
- 5 avril 2024, yon ajan migrasyon dominiken vyole yon ti lèzanj ayisyen ki gen 14 lane pandan yon operasyon.
- 5 ayisyen pèdi lavi yo nan mwa dawout 2024 nan Veron nan yon aksidan sikilasyon, ankèt anonse, men rezilta yo pa janm piblik.
- Nan Bavaro, dawout 2024, 12 travayè ayisyen blese grav nan yon chantye ki efondre.
- Varemond Edwige, novanm 2024, jwenn lanmò li sou yon chantye nan Santo Domingo nan kondisyon ki pa klè.
- Novanm 2024, nan San Pedro de Marcoris, Pepe AKA, yon ouvriye ayisyen pase anba yon glisman tèren pandan l t ap travay sou chantye.
- Oktòb 2024, yon mitinri pete nan sant detansyon Haina paske migran yo te nan grangou, yo te swaf. Repons lan te brital, anpil sous rapòte ta va gen plizyè migran ki mouri, men pa te gen okenn ankèt ni verite ki tabli sou evènman sila a.
- Jiyè 2024, Saint Mira Millien, yon fanm migran ayisyen pèdi lavi li alòske li te nan men migrasyon Dominiken, sou reskonsablite yo.
- Pierre Frisnord alyas Sonson se non yon travayè yon dominiken rale zam fizye an mas 2025 sou yon chantye nan Punta Cana.
- Me 2025, Lourdia Jean Pierre pèdi lavi l nan akouchman bebe li paske li te pè ale lopital pou ajan migrasyon pa t tou arete li. Li mouri anndan kay paske li pa te gen aksè ak swen.
- Jiyè 2025, plizyè ajan fòs lòd dominiken kenbe yon fanm ayisyen, yo piye tout sa li te genyen, aprè sa yo vyole li. N ap raple an sektanm 2023, yon lòt migran ayisyen ki pote non Stephy Graph Cadichon te sibi yon vyòl anba men ajan dominiken an prezans pitit li nan èpòt Las Americas.
- Dawout 2025, Natacha Desir pèdi lavi li ak tout ti bebe li nan yon akouchman ki mal fini nan Lopital Veron, fanmi an repwoche te gen anpil neglijans paske se yon fanm ayisyen.
- Dawout 2025, nan fontyè Jimani, yon resòtisan ayisyen tonbe anba bal ajan Cesfront nan yon altèkasyon.
- Sektanm 2025, Gedilia Lonzandieu rann dènye souf li nan lanfè Haina ak yon arè kadyak.
- Novanm 2025, yon ti bebe, pitit migrant Melissa Jean Baptiste trepase nan sant detansyon Haina aprè migrasyon dominiken te fin arete manman an kèk èdtan aprè akouchman li nan lopital piblik Bani, nan Peravia. Zewo ankèt !
- Novanm 2025 toujou, Stephora Anne Mircie, yon adolesan ayisyen pèdi lavi li trajikman nan yon sòti eskolè alòske li te sou reskonsablite lekòl li.
Eleman sa yo nou site yo, se jis kèk ladan yo, sa ki fè eko yo. Men vyolans kont ayisyen, maltretans kont ayisyen nan tè panyòl, se yon bagay ki ale pi lwen, ki pi gran pase sa. Koletif Ayisyen nan Repiblik Dominikèn soti yon rapò byen long sou sa an sektanm 2025. Yo evoke plis pase yon senkantèn ayisyen pèdi lavi yo nan sikonstans dwòl an Repiblik Dominikèn soti 2021 rive ane sa a. Yon lòt bò, done estatistik yo pwouve efektivman ayisyen ap konfwonte gwo pwolèm vyolans nan sosyete dominiken an. Dapè Ofis Nasyonal Estatistk kay peyi vwazen an, pou ane 2024 la, sou tout kantite ka omisid volontè/meurtre an Repiblik Dominikèn, 16.62% viktim yo se ayisyen. GARR denonse silans ak absans ankèt serye sou dosye grav sa yo. Anpil fwa estrateji Leta Dominiken adopte pou jere ka sa yo se toufe sa ki pase a epi pwoteje bouwo yo.
Ki reyalite fontyè nou yo an 2025 ak flo depòtasyon yo?
Pwosesis depòtasyon ayisyen an Repiblik Dominikèn pou ane 2025, menm jan ak ane anvan yo, se yon kalamite. Yo bat migran yo nan detansyon, yo piye kay yo, pimpe yo tounen masivman sou fontyè, san anyen. Lè yo rive sou fontyè a, anpil ladan yo pa anmezi retounen nan zòn kote yo t ap viv Ayiti paske gang konwole wout yo. Lè konsa yo rete viv sou fontyè yo ki deja manke resous; sa lakòz sitiyasyon imanitè a vin pi mangonmen.
Pou ane 2025 lan, soti janvye rive novanm, Repiblik Dominikèn depòte Ayiti 242 655 kretyen vivan, pami yo 160 304 gason, 59 965 fanm, 10 263 ti fi ak 12 123 ti gason. Nan 242 655 moun yo depòte yo, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo resanse 982 fanm ansent, 2800 fanm nouris pami yo gen 273 yo te depòte apèn yo te fin fè sezaryèn. GARR te konte tou prezans 3434 minè ki pa te akonpaye ak 1241 moun k ap viv ak andikap nan flo depòtasyon yo.
Prezans gwoup vilnerab sa yo nan rapatriman yo montre aklè kijan Repiblik Dominikèn pase anba pye konvansyon ak pwotokòl li siyen sou koze migrasyon ki entèdi depòtasyon minè ki pa akonpaye fanmi yo, yo entèdi depòtasyon moun ki antre nan laj, moun ki gen andikap. Kovansyon entè amerikèn sou dwa moun nan entèdi separasyon fanmi alòske se chak jou n ap resevwa sou fontyè a manman ki fenk akouche san bebe yo, yo chak yon bò, pafwa yo voye youn vini lòt la rete an Repiblik Dominikèn.
Pou lòt peyi yo, depòtasyon pa te kanpe. Daprè done OIM pataje, pou preyòd janvye rive novanm 2025, peyi Etazini depòte 1159 ayisyen, Bahamas depòte 639, Jamayik depòte 147, Zile Turcs & Caicos vini nan tèt ak 2880 ka depòtasyon epi Meksik depòte 2 moun ba nou pou ane a.
An tou, soti janvye rive novanm, Ayiti resevwa anviwon 247 482 rapatriye nan kontèks difisil nou konnen an.
Kisa done sa yo tradui ? Peyi a ki deja ap travèse yon moman difisil, ak yon sitiyasyon imanitè ki frajil pa anmezi ofri volim moun ki depòte sa yo yon bon akèy, okontrè se sitiyasyon an ki vin pi konplike.
Obsèvasyon jeneral GARR fè sou flo depòtasyon yo, nan yon analiz konparatif, depòtasyon Repiblik Dominèn fè Ayiti yo : Pou menm peryòd la, ane pase, chif depòtasyon Rep. Dominikèn voye Ayiti se te 181 121 alòske an 2025 li pase nan 242 655.
GARR, nan ti mwayen tou piti li genyen, paske enstitisyon an ap fè fas ak anpil kontrent finansye, rive akonpaye nan Beladè 14 574 migran, pami yo 8529 gason, 3743 fanm, 1149 tifi epi 153 ti gason. An detay, pou peryòd janvye ak desanm, GARR asiste 430 fanm migran ansent, 346 nouris pami yo 106 ki te apenn sibi sezaryèn lè yo depòte yo a,109 minè ki pa akonpaye epi 482 moun ki ap viv ak andikap.
Konklizyon ak pèspektiv
Jan nou sòt wè li a, ane 2025 lan te chaje ak defi sou plan migratwa nan sa ki gen pou wè ak vyolasyon dwa migran ayisyen yo, enkapasite peyi a pou reponn ak bezwen imanitè ijan volim rapatriye yo. Fason ane 2025 sa ap fini an gentan ban ou yon lide sou defi k ap tann nou an 2026 sou plan migratwa. Deja, an Ayiti pwoblèm sosyal, ekonomik ak politik yo ap kontinye, pa gen okenn mezi serye ki pran pou amelyore sò popilasyon an, volim deplase yo gen chans pou ogmante paske gang yo ap pran plis teritwa chak jou.
Sou plan migratwa presizeman, GARR pa gen okenn garanti volim moun k ap kite peyi a ap bese paske pwoblèm yo pa rezoud. Nan yon lòt bò, ranfòsman politik migratwa yo sou kontinan Amerik la ak lòt kote gentan mete nou sou men nou : Ayiti ka resevwa anpil depòtasyon. Si nou konsidere Administrasyon Donald Trump lan ki pwograme lage anpil ayisyen nan sitiyasyon iregilye apati fevriye 2026 paske l ap koupe TPS la definitivman, benefisyè yo p ap ka renouvle dokiman sa a. Se plizyè santèn milye ayisyen ki te pwoteje ak TPS la ki ka viktim depòtasyon. Nan Chili kote gen yon bon valè migran ayisyen k ap viv, eleksyon kandida ladwat José Antonio Kast kreye gwo van panik ak politik anti imigrasyon li pwomèt l ap adopte a.
Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo renouvle angajman li pou defann dwa tout migran ayisyen. Sitiyasyon nou antisipe la yo pwobableman pral kreye plis bezwen imanitè nan peyi a. GARR bò pa li ap travèse gwo kriz finansye ki pa pèmèt li kontinye pote tout sipò imanitè li abitye bay migran ak lòt gwoup vilnerab yo. Nou vrèman espere 2026 la ap pote yon van lespwa pou tout ayisyen nan lemonn, nou swete tou otorite ayisyen yo montre yo plis prezan bò kote resòtisan ayisyen ki nan difikilte deyò peyi a. Se yon devwa pou yo akonpaye yo kòmsadwa. GARR swete tou resevwa plis mwayen pou li kotinye ranpli misyon li, ede sila yo ki nan bezwen.


