Lanmò Pierre Damas Bel se rezilta politik migratwa bosal Ozetazini ki chita sou imilyasyon ak endiferans

Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) deplore lanmò Pierre Damas Bel, jèn ayisyen 20 lane sa ki pèdi lavi li nan Sprinfield lendi 31 dawout 2026 la. Damas se te yon jèn briyan ki te chaje rèv, ki te migre ale Etazini nan kad Pwogram Biden nan, li te byen entegre nan peyi a, li fè etid li jiskaske li jwenn bèl mansyon nan diplòm High School li.

Lendi 31 dawout, byen bonè nan maten, papa Pierre Damas Bel ki se Pierre Ronal Bel ta pral tande vwa pitit li pou yon dènye fwa. Se vre kondisyon jenòm nan jwenn lanmò li a poko fin eklèsi, poko gen yon ankèt ki etabli sikonstans lan, men enfòmasyon ki disponib yo montre tèz swisid la parèt pi evidan.

Nan sikonstans sa, GARR senpatize ak fanmi Pierre Damas Bel ak tout kominote migran ayisyen Ozetazini ki afekte ak lanmò trajik sa, espesyalman ayisyen ki nan kominote Springfield, nan Ohio k ap pran frap, k ap sibi denigreman depi nan kanpay elektoral Donald Trump. Lanmò Pierre Damas Bel se rezilta menm politik migratwa bosal,degradan sa ki san konsiderasyon pou byennèt migran k ap travay di chak jou Ozetazini pou ede kominote yo avanse.

Li klè lanmò Pierre Damas Bel se rezilta yon sistèm migratwa k ap britalize migran onèt k ap travay chak jou pou amelyore sitiyasyon yo epi pote bon jan kontribisyon nan kominote yo. Fanmi viktim nan rekonèt Damas t ap viv gwo moman depresyon, paske li viv kòm imilyasyon braslè elektwonik ICE te oblije li pote, nan lekòl li toupatou kote li pase. Yo pa te otorize li kache braslè a anba chosèt, nou ka konprann nan ki pwen sante mantal Damas te afekte ak sa.

GARR vle raple plizyè lòt ka kote ayisyen nan kominote imigran Ozetazini viktim akòz politik migratwa rasis ak zenofòb Administrasyon Donald Trump lan adopte yo. Nou sonje Daphy Michel ki mouri 2 mas pase a nan Pittsburg ak yon braslè elektwonik nan pye li, nou sonje tou Emmanuel Damas ki mouri paske kondisyon sante li te deteryore pandan li te nan detansyon ICE.

Malerezman se nan menm kontèks difisil sa pou migran ayisyen Ozetazini, GARR konstate Konsil Jeneral Ayisyen nan Miami, Yverick Delerme Cyril, te chwazi deklare ayisyen k ap rantre Ayiti nan kad plan depòtasyon ki anonse yo pa bezwen okenn preparasyon fèt pou yo, paske se lakay yo y ap antre. Pou nou konprann byen, moun ki konsène ak menas depòtasyon sa yo se yon seri moun ki wè tout rèv yo demantibile, y ap soufri ak depresyon, sante mantal yo afekte, se sitiyasyon yo sa.

Nan moman difisil sa, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo manifeste senpati li anvè fanmi Pierre Damas Bel ak tout kominote ayisyen an nan Springfield. Oganizasyon an mande Leta Ayisyen pou li pote tout sipò posib bay fanmi Damas k ap viv yon moman difisil. GARR mande pou Leta ayisyen travay pou kreye bon kondisyon lavi nan peyi a, yon fason pou ayisyen viv byen Ayiti, san yo pa oblije pati ale pran imilyasyon nan peyi etranje.

Yon lòt kote n ap mande pou Administrasyon Trump lan sispann sou pratik dezimanizasyon sa yo, sispann lachas y ap fè kont migran ayisyen yo depi lè TPS la bout la. Se sou demann Leta ameriken yo te antre nan peyi a, yo se moun k ap travay, ki gentan etabli nan peyi a epi k ap patisipe san kanpe nan lavi kominote yo, voye retounen Ayiti nan yon sitiyasyon yo t ap kouri kite se pa yon atitid responsab, se mete lavi yo an danje.

Partager cet article

Facebook
Twitter
LinkedIn

Plus d'articles