KOMINIKE POU LAPRÈS
Pòtoprens, 5 oktòb 2026.- Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) deplore lanmò Clerger Rodler, yon migran ayisyen 22 lane ki tonbe anba bal yon ajan migrasyon dominiken nan Villa Playboy, Verón, nan Punta Cana, samdi 3 oktòb pase a. Premye eleman enfòmasyon yo montre se nan moman yon operasyon migrasyon t ap reyalize ajan an louvri bal sou migran an. Pou konnya, otorite dominiken yo anonse viktim nan nan mòg Lopital Minisipal Veron-Punta Cana.
Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) prezante kondoleyans li bay fanmi viktim nan ak kominote ayisyen nan Villa Playboy zak malonèt sa revòlte. GARR denonse ak tout fòs li fason ajan migrasyon dominiken pa pran lavi migran ayisyen pou anyen epi li mande pou otorite ayisyen yo soti nan silans yo, asire yo gen ankèt ki fèt pou jistis rive tabli sou dosye, epi mande Repiblik dominikèn sispann jwe ak lavi resòtisan li yo.
Politik migratwa bosal, degradan, rasis ak zenofòb Repiblik dominikèn deplwaye kont resòtisan ayisyen yo pa sispann frajilize kondisyon lavi yo : fanm kou gason, timoun kou granmoun, fanm ansent kou nouris, moun k ap viv ak andikap, tout sibi maltretans. GARR ap raple, sa ki rive samdi a se pa yon zak izole, se yon pratik ki byen chita nan peyi vwazen kote yo pa pran lavi ayisyen pou anyen. Ajan migrasyon nan Punta Cana gen repitasyon touye ayisyen pou dan griyen, fè vyolans sou yo.
- 10 fevriye 2023, nan Cap Cana, ajan migrasyon ouvri bal sou yon gwoup travayè ayisyen, yo touye youn ladan yo ki se Jean Modes Fontas, 37 lane.
- Punta Cana nan mwa avril 2023, nan Los Manantiales, Maxu Silleis tonbe anba bal ajan migrasyon.
- Sektanm 2024, yon ajan migrasyon pouse yon resòtisan ayisyen sou yon do kay voye li anba, non viktim nan se Mikelson Germain.
- Nan mwa jiyè 2026, yon lyetnan kolonèl nan migrasyon dominiken fizye yon sitwayen ayisyen .
Evènman sa yo nou site la pase sèlman nan Punta Cana, si n ap gade sa ki pase yo nan tout peyi a nèt, kantite ayisyen ajan migrasyon, militè ak polisye touye pou dan ri, se yon reyalite dramatik. Daprè yon rapò Colectivo Haitianos RD pibliye an 2025, yo konte soti 2021 rive 2025, Lapolis Nasyonal peyi vwazen asasinen 14 ayisyen epi lame touye 2. Gen anpil lòt ka tou piblik la pa konnen oubyen se ka lanmò kote viktim yo anonim, pa gen detay ki revele sou nasyonalite yo. Sou fontyè menm, se toutan GARR ap monitore zak sasinay militè dominiken fè sou ayisyen.
- Nan Paso Cena, nan dat 2 jiyè 2024, sou fontyè Sidès /Ansapit, yon militè dominiken, Hongria Diaz rale revòlvè li epi pran lavi 2 sitwayen ayisyen ki pote non Jean Duversaint et Maurice Delia.
- 28 dawout 2023, ajan migrasyon dominiken ki sou machin pase eksprè sou yon ayisyen, Ulrick, nan Jimani.
- Nan fontyè Jimani, 13 avril 2023, yon sòlda dominiken, Manuel Guzman, rale zam li epi fizye Louis Charleson.
- 13 mas 2023, nan Tilori, fontyè nan Depatman Sant, militè dominiken ouvri bal sou manm popilasyon an epi touye 2 ayisyen menm jou a, se Guerrier Kiki ak Joseph Irano.
- 5 dawout 2022, nan Pedernales, yon sòlda dominiken pwente zam li sou sitwayen ayisyen Theoly Vilaksy epi fizye li.
Se pou nou raple nou non chak ayisyen sa yo ki mouri anba men ajan migrasyon, anba men militè dominiken, anpil fwa nan silans ak enpinite total. Yo pa janm jwenn jistis, ni Leta ayisyen pa janm montre okenn sousi pou denonse zak sa yo, nou pa bezwen pale pou kesyon mande jistis.
Ti ponyen zak nou site la pa reprezante anyen devan sa ki pa relate, sa laprès pa releye. Akote ka sa yo, nou jwenn lòt pratik vyolan k ap fèt sou migran ayisyen nan Repiblik Dominikèn ki montre nan ki nivo fòs lòd, otorite,ajan ki prete sèman nan non lalwa nan peyi a alèz pou vyole dwa ayisyen. Nou konnen anpil ka migran ki pran bastonad, gen fanm yo fè vyòl kolektif sou yo, gen minè yo agresye seksyèlman. GARR pa bliye tou fason Larepiblik Dominikèn nòmalize vyolans sou fanm migran ayisyen ki ansent ak fanm nouris nan kad politik migratwa bosal yo aplike yo.
Asasina Clerger Rodler samdi 3 oktòb la nan Villa Play Boy, Veron, Punta Cana, nan menm moman n ap komemore masak 1937 kote plis pase 20 000 ayisyen mouri, se yon siy ki montre nou kijan vyolans kont ayisyen pran pye nan peyi vwazen. Tout zak sa yo pase nan enpinite total, koupab yo pa janm peye paske viktim yo se ayisyen. Nan peyi vwazen, se pa kominote imigran ayisyen an sèlman ki gen, chaje lòt, men GARR konstate se ayisyen yo vize, se ayisyen yo atake tout jan, se sou ayisyen yo fè plis diskriminasyon, se lavi migran ayisyen ki mwens konte, se diyite ayisyen yo atake menm.
GARR revòlte tou pou fason Leta ayisyen ap jere kesyon vyolasyon dwa resòtisan li nan peyi vwazen. Pa janm gen okenn desizyon, pa janm genyen okenn demach ki vize leve vwa pou di STOP. Li pa nòmal pou ayisyen ap viktim tankou poul, nan deni dwa fondamanatal yo an Repiblik Dominikèn epi pou sa pa di Leta ayisyen anyen.
Nan sans sa, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) ap mande òganizasyon entènasyonal ki nan domèn Dwa moun yo pran nòt sou fason Repiblik Dominikèn kontinye ap aji dèyè do lalwa entènasyonal, dèyè kad pwoteksyon tankou Konvansyon Entè-amerikèn sou Dwa Moun ki egzije l garanti respè Dwa moun lakay li. GARR mande Leta ayisyen pran responsablite li nan sa ki ap pase la, se li ki pou leve tèt mande Repiblik Dominikèn pwoteje lavi ayisyen ki lakay li. Leta ayisyen dwe travay pou kreye bon kondisyon lavi an Ayiti, konsa ayisyen ap sispann ale sibi imilyasyon nan peyi etranje.
-FEN-

