Minote yon fanm migran nouris nan yon kabann se yon pa anplis nan pwosesis kriminalizasyon migran ayisyen nan peyi vwazen

Nan yon sekans imaj ki viral sou entènèt la ki montre yon sèn ki pase nan yon lopital nan Del Valle/Hato Mayor nan Repiblik dominikèn, eleman kontekstyèl ki sikile nan laprès fè konnen se yon fanm migran ayisyen ki pase 5 jou nan lopital la ak minòt nan men pandan li apèn akouche. Sitiyasyon sa ta rive pwodui paske fanm nouris sila pa te anmezi peye swen yo, lopital la te sekestre li epi rele migrasyon pou vin pran li pou depòte li. Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) denonse ak tout fòs sèn vyolan sa ki se yon tretman endiy epi mande pou gen ankèt sou sa ki pase a pou reskonsab yo reponn devan lajitis.

Minote yon fanm apre akouchman li, ak yon tibebe sou bra, montre yon lòt fwa pratik diskriminatwa ak tretman degradan sou fanm migran ayisyen nan Repiblik dominikèn san limit. Yon manman ki akouche se yon moun frajil, ki mande pwoteksyon ak bon jan atansyon. Pase minòt nan men manman sa, se yon zak moun san kè, ki pa gen okenn konsiderasyon pou lavi manman an ak ti bebe a. GARR wè nan pratik lawont sa yon volonte pou kriminalize migran ayisyen, pou montre yo pa moun, yon fason pou banalize move tretman y ap fè sou yo.

Depi avril 2025, adopsyon pwotokòl pou ranfòse prezans migrasyon dominiken nan sant lopital yo gen gwo konsekans sou lavi fanm migran ayisyen, an patikilye sila ki ansent oubyen ki nouris. Yo sibi anpil pèsekisyon, genyen ki mouri paske yo pè ale nan lopital pou pran swen. GARR ap mande pou Leta dominiken garanti respè fondamantal migran aysiyen yo, fanm ansent ak sila ki nouris yo sitou kòm gwoup vilinerab.

Yon lòt fwa ankò GARR eksprime endiyasyon li fas ak move tretman ayisyen ap sibi nan peyi vwazen. Li mande Leta dominiken respekte lavi ak diyite fanm migran yo nan konfòmite ak kad pwoteksyon entènasyonal yo. Leta ayisyen dwe travay tou pou kreye bon kondisyon lavi an Ayiti, yon fason pou sitwayen ayisyen sispann ale pran imilyasyon nan peyi etranje.

Partager cet article

Facebook
Twitter
LinkedIn